2
Konsa, ou menm, fis mwen an Ef 6:10se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. Bagay II Tim 1:13ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.
II Tim 1:8Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. Nanpwen sòlda an sèvis ki II Pi 2:20mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.
Osi, si yon moun nan I Kor 9:25konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.
I Kor 9:10Kiltivatè ki travay di a ta dwe premyè pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.
Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.
Sonje Jésus Kri Trav 2:24leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. Pou li menm, mwen II Tim 1:8soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou Luc 18:7koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.
11 “Sa se yon vrè pawòl:
Paske Wo 6:8si nou te mouri avèk Li,
nou va osi viv avèk Li.
12 Si nou andire,
nou va osi renye avèk Li.
Si nou Mat 10:33rejte Li,
Li tou va rejte nou.
13 Si nou pa fidèl
Wo 3:3Li rete fidèl;
paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”
14 Fè yo sonje bagay sa yo, e I Tim 5:21anchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa I Tim 6:4goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15 Se pou ou dilijan pou Wo 6:13prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
16 Men evite I Tim 6:20pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.
17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, I Tim 1:20Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke I Kor 15:12rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.
19 Malgre És 28:16fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”
20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Wo 9:21Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de II Tim 2:16-18bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo I Tim 1:5avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap Tit 3:9prodwi konfli.
24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk I Tim 3:2yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou Trav 8:22si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a I Tim 2:4konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba I Tim 3:7pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

2:1 Ef 6:10

2:2 II Tim 1:13

2:3 II Tim 1:8

2:4 II Pi 2:20

2:5 I Kor 9:25

2:6 I Kor 9:10

2:8 Trav 2:24

2:9 II Tim 1:8

2:10 Luc 18:7

2:11 Wo 6:8

2:12 Mat 10:33

2:13 Wo 3:3

2:14 I Tim 5:21

2:14 I Tim 6:4

2:15 Wo 6:13

2:16 I Tim 6:20

2:17 I Tim 1:20

2:18 I Kor 15:12

2:19 És 28:16

2:20 Wo 9:21

2:21 II Tim 2:16-18

2:22 I Tim 1:5

2:23 Tit 3:9

2:24 I Tim 3:2

2:25 Trav 8:22

2:25 I Tim 2:4

2:26 I Tim 3:7