18
1 Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te ✡ Luc 11:5-10dwe priye, e pa ✡ II Kor 4:1dekouraje. 2 Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa t✡ Luc 18:4respekte moun.
3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’
4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, ni✡ Luc 18:2respekte moun, 5 men✡ Luc 11:8akoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’ ”
6 Epi ✡ Luc 7:13Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pou✡ Mat 24:22sila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li va✡ II Pi 3:9fè anpil reta sou yo?
8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, ✡ Luc 17:26èske Li va twouve lafwa sou latè?”
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te✡ Luc 16:15 kwè nan tèt yo ke yo te jis, e✡ Wo 14:3,10te gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesye✡ I Wa 10:5te monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an te✡ Mat 6:5kanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn, mwen✡ Luc 11:42peye ladim sou tout sa mwen fè,’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, e✡ Esd 9:6pa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men li✡ Luc 23:48t ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paske✡ Mat 23:12Nenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
15 ✡ Mat 19:13-15Alò, yo t ap pote menm tibebe bay li pou Li ta kapab touche yo, men lè disip yo te wè sa, yo te kòmanse reprimande yo.
16 Men Jésus te rele yo, e te di: “Kite timoun yo vin kote Mwen, e pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila yo ki tankou yo menm.
17 “Anverite, Mwen di nou: ✡ Mat 18:3‘Nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a tankou yon timoun, li p ap antre ladan l menm.’ ”
18 ✡ Luc 10:25-28Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”
19 Epi Jésus te di l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl. 20 Ou konnen kòmandman yo. ✡ Egz 20:12-16‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’ ”
21 Li te di: “Tout bagay sa yo mwen fè yo depi nan jenès mwen”.
22 Lè Jésus te tande sa, Li te di li: “Yon sèl bagay ou manke toujou; ✡ Mat 19:21vann tout sa ke ou posede e separe yo bay malere. Konsa ou va gen richès nan syèl la, epi vin swiv Mwen.”
23 Men lè li te tande bagay sa yo, li te vin byen tris; paske li te gen anpil richès.
24 Lè l wè tristès li, Jésus te gade l, e te di: ✡ Mat 19:23“Tèlman li difisil pou sila ki rich yo antre nan wayòm Bondye a! 25 ✡ Mat 19:24Li pi fasil pou yon chamo pase nan zye a yon egwi, pase pou yon nonm rich ta antre nan wayòm Bondye a.”
26 Sila yo ki te tande sa te di: “Alò, kilès ki kapab sove?”
28 Konsa, Pierre te di: “Gade byen, ✡ Luc 5:11nou kite pwòp kay nou pou swiv Ou.”
29 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou ke ✡ Mat 6:33pa gen pèsòn ki te kite kay, oswa madanm, oswa paran, oswa zanfan yo, pou koz a wayòm syèl la, 30 ki p ap resevwa bokou plis nan tan sila a, e ✡ Mat 12:32nan laj k ap vini an, lavi etènèl.”
31 ✡ Mat 20:17-19Answit Li te pran douz yo sou kote, e te di yo: “Veye byen, n ap monte Jérusalem, e tout bagay ki te ekri pa pwofèt yo konsènan Fis a Lòm nan va vin acheve. 32 ✡ Mat 16:21Paske Li va livre a etranje yo, e li va moke, maltrete, e y ap krache sou Li. 33 Lè yo fin bat Li avèk fwèt, yo va touye Li. Epi nan twazyèm jou a, l ap leve ankò.”
34 Men ✡ Mc 9:32disip yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo. Pawòl sa te kache a yo menm, e yo pa t konprann bagay ki t ap pale yo.
35 ✡ Mat 20:20-34Pandan Jésus t ap pwoche Jéricho, yon sèten mesye avèg te chita akote wout la pou mande charite.
36 Alò, li te tande foul la ki t ap pase, e te kòmanse mande kisa sa te ye. 37 Yo te reponn Li ke Jésus de Nazareth t ap pase.
38 Konsa, li te kòmanse rele fò, e te di: “Jésus, ✡ Luc 18:38; Mat 9:27Fis a David la, Fè m gras!”
39 Sila yo ki t ap dirije chemen an t ap pale sevèman avè l pou fè silans; men li te kriye pi fò, 40 Jésus te kanpe, e te bay lòd pou yo voye l kote Li. Lè l te vin toupre, Li te kesyone l: 41 “Kisa ou vle M fè pou ou?”
Epi Li te di: “Senyè, mwen vle vin wè ankò.”
43 Imedyatman, li te vin wè ankò, li te kòmanse swiv Li e li t ap ✡ Mat 9:8bay glwa a Bondye. Lè tout moun te wè sa, yo te bay lwanj a Bondye.