20
1 “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmaten pou anplwaye ouvriye pou ✡ Mat 21:28,33chan rezen li. 2 Lè li te fin antann li avèk ouvriye yo pou yon denye (frè kòb jounalye) pou jou a, li voye yo nan chan an.
3 “Epi vè twazyèm lè, li te wè lòt moun san anyen pou fè, ki te kanpe nan mache a. 4 Epi a yo menm li te di: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an; epi nenpòt bagay ki jis, m ap bannou.’ Konsa, yo ale.
5 “Ankò li ale deyò vè sizyèm lè, nevyèm lè, e te fè menm bagay la. 6 Epi vè onzyèm lè, li te ale deyò e te twouve lòt moun ki te kanpe e li te di yo: ‘Poukisa nou kanpe la tout lajounen san fè anyen?’
7 “Yo te di li: ‘Paske pèsòn pa anplwaye nou.’
“Li te di yo: ‘Nou menm tou, ale nan chan rezen an.’
8 “Lè ✡ Lev 19:13aswè te rive, mèt chan rezen an te di fòmann nan: ‘Rele ouvriye yo pou peye yo salè yo. Kòmanse avèk dènye ekip la, pou ale nan premye a.’
9 “Epi lè ouvriye ki te antre vè onzyèm lè yo te vini, yo chak te resevwa yon denye. 10 Epi lè sa ki te anplwaye anpremye yo te vini, yo te sipoze yo t ap resevwa plis, men yo chak te resevwa yon denye. 11 Konsa, lè yo te resevwa l yo te plenyen kont mèt tè a, 12 epi te di: ‘Moun sa yo te travay sèlman pou yon èdtan, men ou fè yo menm jan avèk nou ki pote tout fado a avèk ✡ Jon 4:8 chalè ki t ap brile nou tout jounen an.’
13 “Men li te reponn e te di youn nan yo: ✡ Mat 22:12‘Zanmi m, mwen pa fè ou okenn tò; èske ou pa t vin dakò pou yon denye? 14 Pran sa ki pou ou a, epi al fè wout ou. Mwen vle bay moun sa menm fòs avèk ou. 15 Èske m pa gen dwa fè sa mwen vle avèk sa ki pou mwen? Oubyen èske ✡ Det 15:9zye ou plen ak lanvi paske mwen gen jenewozite?’
17 ✡ Mc 10:32-34 Lè Jésus te apèn parèt pou monte a Jérusalem, Li te pran douz disip yo akote pou kont yo; pandan yo nan wout la, Li te di yo: 18 “Gade, n ap monte Jérusalem; epi Fis a Lòm nan ✡ Mat 16:21ap livre a chèf prèt yo ak Skrib yo, e y ap kondane Li a lanmò. 19 Epi y ap livre Li a payen yo pou yo ka moke L e bay Li kout fwèt; epi y ap krisifye Li; epi ✡ Mat 16:21nan twazyèm jou a, L ap leve.”
20 ✡ Mc 10:35-45Epi manman a fis Zébédée yo te vin kote L avèk fis li yo; li te bese devan L pou mande L yon favè.
21 Epi Li te di L: “Kisa ou vle?”
Li te di L: “Pase lòd pou nan Wayòm ou an, de fis mwen yo ✡ Mat 19:28kapab chita youn sou bò dwat Ou e youn sou bò goch Ou.”
22 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab ✡ És 51:17-22bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?”
Yo te di Li: “Nou kapab”.
23 Li te di yo: ✡ Trav 12:2“Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te ✡ Mat 25:34prepare li yo.”
24 Epi lè dis yo te tande sa, yo te vin trè fache avèk de frè yo.
25 ✡ Mat 20:25-28Men Jésus te rele yo a Li menm e te di yo: “Ou konnen ke chèf a payen yo pran pozisyon yo kon gwo chèf sou yo, epi moun enpòtan pa yo egzèse gwo otorite sou yo.
26 “Li pa konsa pami nou, ✡ Mat 2:11men sila ki ta vle gran pami nou an, ap vin sèvitè nou. 27 Epi sila a ki vle premye pami nou an, va vin esklav nou; 28 Menm jan ke Fis a Lòm nan ✡ Mat 26:28pa t vini pou fè lòt sèvi Li, men pou sèvi lòt yo, e pou bay vi li pou ranson vi a anpil lòt moun.”
29 ✡ Mat 9:27-31Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.
30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la te tande ke Jésus t ap pase la, e te kòmanse kriye: “Senyè, ✡ Mat 9:27gen pitye pou nou, Fis a David la!”
31 Men moun yo pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, ✡ Mat 9:27Fis a David la”.
32 Epi Jésus te rete la, Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”
33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.
34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo; epi imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.