26
1 ✡ Mat 7:28 Lè Jésus te fin pale tout pawòl sa yo, Li te di a disip Li yo: 2 ✡ Mc 14:1-2“Nou konnen ke apre de jou, Jou Pak Jwif la ap vini, e Fis a Lòm nan ap livre a yo menm pou yo kab krisifye L.”
3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm ✡ Mat 26:58,59nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4 Epi yo te ✡ Mat 12:14fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li. 5 Men yo t ap di: “Pa fè l pandan fèt la ✡ Mat 27:24otreman sa kab fè yon gwo revòlt pami pèp la.”
6 ✡ Luc 7:37-39Alò, lè Jésus te Béthanie nan kay a Simon, lepre a, 7 ✡ Luc 7:37Yon fanm te vin kote L avèk yon bokal pòslèn plen avèk pafen ki te trè chè. Li te vide li sou tèt Li, pandan Li te sou tab la.
8 Men disip yo te mekontan lè yo te wè sa, e te di L: “Poukisa w ap fè gaspiyaj konsa? 9 Pwiske pafen sa a ta kapab vann pou yon gwo pri, e lajan sa a ta kapab separe bay a malere yo.”
10 Men Jésus te konprann sa, e te di yo: “Poukisa nou ap twouble fanm nan? Li fè M yon bon bagay. 11 Paske ✡ Det 15:11malere yo ap toujou avèk nou; men Mwen menm, Mwen p ap la pou tout tan. 12 Pwiske lè li te vide pafen sila a sou kò M, li te fè l ✡ Jn 19:40pou prepare Mwen pou lantèman. 13 Anverite, Mwen di nou ke ✡ Mc 14:9nenpòt kote ke bòn nouvèl sila a preche nan tout mond lan; sa ke fanm sila a te fè a, ap toujou pale nan memwa a li menm.”
14 ✡ Mc 14:10-11Epi youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo 15 e te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
E ✡ Egz 21:32yo te peze bay li trant pyès ajan. 16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
17 ✡ Mc 14:12-16Konsa, nan premye jou fèt Pen San ledven an, disip yo te vin kote Jésus pou mande L: “Kibò Ou vle nou prepare manje Jou Pak Jwif la pou Ou?”
18 E Li te di yo: “Ale nan vil la a yon ✡ Mc 14:13sèten mesye e di li: ‘Mèt la di nou “Lè Mwen prèske rive; m ap fè fèt Jou Pak la lakay ou avèk disip Mwen yo.” ’ ”
19 Epi disip yo te fè sa, jan Jésus te mande yo a; epi yo te prepare Jou Pak la.
20 ✡ Mc 14:17-21Alò, lè fènwa te vin rive, Li te lonje sou tab la avèk douz disip yo. 21 Pandan yo t ap manje Li te di yo: ✡ Luc 22:21-23 “Anverite Mwen di nou, youn nan nou ap trayi M”.
22 Avèk yon doulè pwofon, yo chak te kòmanse mande L: “Asireman, se pa mwen menm, Senyè?”
23 Epi Li te reponn pou te di: ✡ Sòm 41:9“Sila ki mete men l avèk mwen nan bòl la, se li menm k ap trayi Mwen an. 24 Fis a Lòm nan gen pou ale, ✡ Mat 26:31-54jan ke li ekri sou Li a, men malè a sila ki trayi Fis a Lòm nan; li t ap pi bon pou li si li pa t janm fèt.”
25 Epi ✡ Mat 26:14Judas, ki t ap trayi Li a te reponn e te di: “Asireman se pa mwen menm, Rabbi (Mèt)?”
Li te di li: “Se ou menm ki di l.”
26 ✡ I Kor 10:16Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen; Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo, e Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27 Epi Li te pran tas la e te bay remèsiman, Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske ✡ Egz 24:8sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
30 ✡ Mc 14:26-31Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
31 Konsa, Jésus te di yo: “Nou tout ap gaye akoz Mwen pandan nwit sa a; paske sa ekri: ✡ Za 13:7‘Mwen va frape e fè tonbe bèje a epi tout mouton va gaye.’ 32 Men lè M leve, ✡ Mat 28:7,10,16M ap prale devan nou Galilée.”
33 Men Pierre te reponn e te di Li: “Menm lè tout lòt yo fè bak akoz de Ou menm; mwen menm, mwen p ap fè bak.”
34 Jésus te di li: ✡ Mat 26:75“Anverite Mwen di ou ke menm nwit sa a, avan kòk la gen tan chante, ou ap gen tan nye Mwen twa fwa.”
35 Pierre te di Li: ✡ Jn 13:37“Menm si mwen oblije mouri avèk Ou, mwen p ap janm nye Ou.” Tout lòt disip yo te di menm bagay sila a tou.
36 ✡ Mc 14:32-42Epi Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané, epi Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
37 E Li te pran avè L ✡ Mat 4:21Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. ✡ Jn 12:27 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite ✡ Mat 20:22tas sila a chape de Mwen menm; ✡ Mat 26:42men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
40 Epi Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab ✡ Mat 26:38veye avè M pandan yon sèl èdtan? 41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. ✡ Mc 14:38Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”
42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ✡ Mat 26:39ke volonte Ou fèt.”
43 Ankò Li te retounen e te twouve yo t ap dòmi, paske zye yo te byen lou. 44 Epi Li te kite yo ankò pou te ale pou priye yon twazyèm fwa; Li te fè menm priyè a yon fwa ankò.
45 Apre Li te vini a disip Li yo e te di yo: “Èske nou toujou ap dòmi epi pran repo nou? Gade, ✡ Mc 14:41 lè a rive e Fis a Lòm nan ap livre nan men pechè yo. 46 Leve, annou ale. Men gade, sila k ap trayi Mwen an gen tan rive!”
47 ✡ Mc 14:43-50Pandan Li te toujou ap pale; konsa, Judas, youn nan douz yo, te pwoche. Li te akonpanye pa yon gwo foul avèk nepe ak baton, ki te voye pa gran prèt ak lansyen a pèp yo. 48 Konsa, sila ki t ap trayi Li a te bay yo yon sinyal, e te di: “Sila ke m bo a, se Li menm; sezi Li.” 49 Epi touswit, Li te ale kote Jésus e te di: “Bonswa ✡ Mat 23:7Rabbi (Mèt)!” e te bo Li.
50 Jésus te di Li: ✡ Mat 20:13 “Zanmi M, poukisa ou vini la.” Konsa yo vin mete men yo sou Li, e te sezi Li.
51 Epi konsa, ✡ Mc 14:47youn nan yo ki te avèk Jésus te rale nepe l, te voye l e koupe zòrèy a esklav gran prèt la.
52 Alò, Jésus te di l: “Remete nepe ou nan plas li; paske ✡ Jen 9:6tout sila ki leve nepe yo, y ap peri pa nepe. 53 Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke ✡ Mc 5:9,15douz lejyon (sa vle di 72,000) ✡ Mat 4:11zanj? 54 Men kijan konsa, ✡ Mat 26:24pou Ekriti Sen yo kab vin akonpli sa ki di yo, se konsa l ap oblije fèt?”
55 Nan moman sa a, Jésus te di a foul la: “Èske nou vini avèk nepe ak baton pou arete M, konsi nou ta vin kont yon vòlè? ✡ Mc 12:35Chak jou Mwen te konn chita nan tanp lan pou enstwi nou, e nou pa t janm sezi M. 56 Men tout sa vin rive pou ✡ Mat 26:24Ekriti Sen yo selon pwofèt yo ta kapab vin akonpli.”
Lapoula, tout disip Li yo te kouri kite Li.
57 ✡ Mc 14:53-65Sila ki te sezi Jésus yo te mennen L ale pou wè Caïphe, gran prèt la, kote skrib yo avèk lansyen a pèp yo te gen tan rasanble.
58 Men ✡ Jn 18:15Pierre te swiv Li a yon distans jouk yo rive nan ✡ Mat 26:3lakou wo prèt la; li te antre avèk yo e chita avèk gad yo pou wè ki rezilta.
59 Epi chèf prèt yo avèk tout ✡ Mat 5:22Konsèy la t ap fòse wè si yo ta kab twouve kèk fo temwayaj kont Jésus, pou yo ta kapab mete L a lanmò. 60 Men yo pa t twouve okenn, malgre ke anpil fo temwayaj te vin prezante.
Men pita, ✡ Det 19:15te gen de ki te vin prezante. 61 Yo te di: “Nonm sa a te di: ✡ Mat 27:40‘Mwen kapab detwi tanp Bondye a, e rebati li nan twa jou.’ ”
62 Epi wo prèt la te kanpe pou te di L: “Èske Ou p ap reponn? Kisa ke moun sa yo ap temwaye kont ou an?”
63 Men Jésus te rete an silans.
✡ Mat 26:63-66Epi wo prèt la te di L: “Mwen egzije Ou pa Bondye vivan an, pou di nou; si Ou menm se Kris La, Fis Bondye a.”
64 Jésus te di li: “Ou di li ou menm; malgre sa, Mwen di nou, apre sa, nou va wè Fis a Lòm nan ki chita sou men dwat Pwisan an e ✡ Dan 7:13k ap vini sou nyaj ki nan syèl yo.”
65 Konsa wo prèt la te ✡ Nonb 14:6chire rad li e te di: “Li gen tan vin blasfeme! Kisa nou bezwen ankò kon temwayaj? Gade, nou fin tande blasfèm nan. 66 Kisa nou panse?” Yo te reponn e te di: ✡ Lev 24:16“Li merite lanmò!”
67 ✡ És 50:6Epi yo krache nan figi Li, e te bat Li avèk kout pwen; lòt yo te souflete L. 68 Epi yo te di: ✡ Mc 14:65“Pwofetize pou nou Ou menm Kris la; kilès ki te frape Ou a?”
69 ✡ Mc 14:66-72Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l e te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71 Epi lè li fin sòti nan pòtay la, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre e te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo; ✡ Mc 14:70jan ou pale a devwale ou.”
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Epi imedyatman, kòk la te chante. 75 Epi Pierre te sonje mo a Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.