18
Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon Mat 26:36jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.
Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn Luc 21:37reyini la souvan ak disip Li yo. Konsa, Mat 26:47-56Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
Jésus, Jn 6:64byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.”
Li te di yo: “Mwen menm se Li”.
Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo. Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.
Ankò konsa, Li te mande yo: Jn 18:4Kilès n ap chache?”
E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”
Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”
Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab Jn 17:12akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”
10 Konsa, Simon Pierre Mat 26:51ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.
11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Mat 20:22Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
12  Mat 26:57Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li. 13 Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Mat 26:3Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a. 14 Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li Jn 11:50ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.
15  Mat 26:58Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip.
Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la, 16  Mat 26:69Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.
17 Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: Jn 18:25“Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?”
Li te di: “Se pa Mwen.”
18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap Mc 14:54-67chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.
19 Konsa, Mat 26:59-68wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.
20 Jésus te reponn Li: “Mwen Jn 7:26pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè. 21  Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”
22 Lè Li te di sa, youn nan Jn 18:3ofisye yo te Jn 19:3frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”
23  Mat 5:39Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”
24  Jn 18:3Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.
25  Mat 26:71-75Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”
26 Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a Jn 18:10sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou Jn 18:1nan jaden an avèk Li?”
27 Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, Jn 13:38kòk la te chante.
28  Mat 27:2Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.
29  Mat 27:11-14Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”
30 Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”
31 Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”
32 Pou Mat 20:19pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.
33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: Luc 23:3“Èske Ou se Wa a Jwif yo.”
34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”
35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”
36 Jésus te reponn: Mat 26:53Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”
37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?”
Mat 27:11“Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: Luc 23:4“Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a. 39  Mat 27:15-26Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”
40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: Trav 3:14“Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.

18:1 Mat 26:36

18:2 Luc 21:37

18:3 Mat 26:47-56

18:4 Jn 6:64

18:7 Jn 18:4

18:9 Jn 17:12

18:10 Mat 26:51

18:11 Mat 20:22

18:12 Mat 26:57

18:13 Mat 26:3

18:14 Jn 11:50

18:15 Mat 26:58

18:16 Mat 26:69

18:17 Jn 18:25

18:18 Mc 14:54-67

18:19 Mat 26:59-68

18:20 Jn 7:26

18:22 Jn 18:3

18:22 Jn 19:3

18:23 Mat 5:39

18:24 Jn 18:3

18:25 Mat 26:71-75

18:26 Jn 18:10

18:26 Jn 18:1

18:27 Jn 13:38

18:28 Mat 27:2

18:29 Mat 27:11-14

18:32 Mat 20:19

18:33 Luc 23:3

18:36 Mat 26:53

18:37 Mat 27:11

18:38 Luc 23:4

18:39 Mat 27:15-26

18:40 Trav 3:14