6
Apre bagay sa yo, Mat 14:13-21Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).
E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè Jn 2:11-23sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.
Mat 5:1Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.
Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.
Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a Jn 1:43Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.” Li t ap di L sa pou II Kor 13:5sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou Mc 6:37desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
Youn nan disip yo, Jn 1:40André, frè a Simon Pierre te di L: “Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk Jn 6:11de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
10 Jésus te di: “Fè moun yo chita.”
Te gen Mc 6:39anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon Mat 14:21senk-mil moun te chita.
11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi Mat 15:36aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
12 Lè yo te plen, Li te di a Jn 2:2disip Li yo, “Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi.”
13 Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz Mat 14:20panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.
14 E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Mat 11:3Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
15 Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te Mat 14:22-33retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.
16 Alò, lè aswè vini, Jn 2:2disip Li yo te ale bò kote lamè a. 17 Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a Mc 6:45vè Capernaüm.
Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo. 18 Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.
19 Akoz sa, lè yo ta p naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.
20 Men Li te di yo: “Se Mwen menm. Mat 14:27Pa pè.”
21 Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.
22 Jou apre a Jn 6:2foul la ki te lòtbò lamè a te wè ke pa t gen lòt ti kannòt sof ke youn, epi ke Jésus pa t antre nan kannòt la avèk disip Li yo, men ke yo te kite la pou kont yo. 23 Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a Jn 6:11te bay remèsiman an. 24 Konsa, lè foul la te wè ke Jésus pa t la, ni disip Li yo, yo menm te antre nan ti kannòt yo, e te Mat 14:34vini a Capernaüm pou chache Jésus.
25 E lè yo te twouve Li lòtbò lamè a, yo te di L: Mat 23:7“Rabbi, kilè ou rive la a?”
26 Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè Jn 6:2-14sign yo, men paske nou te manje pen epi te plen.
27  És 55:2; Jn 3:33“Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.”
28 E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”
29 Jésus te reponn e te di yo: “Sa se I Tes 1:3zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”
30 Pou sa yo te di Li: Mat 12:38“Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?” 31 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: Sòm 78:24‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’ ”
32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la. 33  Paske pen Bondye a se sila ki Jn 6:41-50desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”
34 Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou Jn 4:15bay nou pen sa a”.
35 Jésus te di yo: Jn 6:48“Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, Jn 4:14p ap janm swaf.
36  “Men Jn 6:26Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.
37  Jn 6:39“Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.
38  “Paske Jn 3:13Mwen pa t desann kite syèl la pou fè Mat 26:39pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan. 39  E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen Jn 17:12pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a. 40  Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi Jn 3:16kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va Mat 10:15fè l leve nan dènye jou a.”
41 Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se Jn 6:33-58pen ki desann soti nan syèl la.” 42 E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, Luc 4:22fis a Joseph la? Jn 7:27Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”
43 Jésus te reponn yo e te di yo: “Pa mimire pami nou menm. 44  Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan Jr 31:3atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.
45  “Li ekri nan pwofèt yo: És 54:13‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.
46  Jn 1:18“Pa gen moun ki konn wè Papa a, sof ke sèl Sila a ki sòti nan Bondye a. Li konn wè Papa a.
47  “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè Jn 3:36gen lavi etènèl. 48  Jn 6:35-51Mwen se pen lavi a.
49  “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.
50  “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi Jn 3:36pa mouri.
51  “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay Jn 1:29pou lavi lemonn nan se chè Mwen.”
52 Pou sa Jwif yo te Jn 9:16kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Mat 8:20Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
54  “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap Jn 6:39fè l leve nan dènye jou a. 55  Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.
56  “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, Jn 15:4rete avè M, epi Mwen menm avèk li. 57  Kon Papa Mat 16:16vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.
58  “Sa se pen Jn 3:36ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.”
59 Bagay sa yo Li te di Mat 4:23nan Sinagòg la pandan Li t ap ansegne nan Capernaüm nan.
60 Konsa, anpil nan Jn 2:2disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”
61 Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa Mat 11:6fè nou kilbite tonbe? 62  Kisa li ta ye konsa si nou ta wè Fis a Lòm nan k ap Jn 3:13monte kote Li te ye oparavan an?
63  II Kor 3:6“Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
64  “Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus Jn 2:25te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi Mat 10:4kilès li te ye ki t ap trayi li a. 65 E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke Mat 13:11se Papa a ki pèmèt sa.”
66 Akoz sa a, anpil nan Jn 2:2disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.
67 Pou sa, Jésus te di a Mat 10:2douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”
68 Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen Jn 6:63pawòl lavi etènèl yo. 69 Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Mc 1:24 Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”
70 Jésus te reponn yo: Jn 15:16-19“Èske se pa Mwen menm ki te chwazi nou, douz la, epi youn nan nou se yon dyab?” 71 Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, Jn 12:4 fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.

6:1 Mat 14:13-21

6:2 Jn 2:11-23

6:3 Mat 5:1

6:5 Jn 1:43

6:6 II Kor 13:5

6:7 Mc 6:37

6:8 Jn 1:40

6:9 Jn 6:11

6:10 Mc 6:39

6:10 Mat 14:21

6:11 Mat 15:36

6:12 Jn 2:2

6:13 Mat 14:20

6:14 Mat 11:3

6:15 Mat 14:22-33

6:16 Jn 2:2

6:17 Mc 6:45

6:20 Mat 14:27

6:22 Jn 6:2

6:23 Jn 6:11

6:24 Mat 14:34

6:25 Mat 23:7

6:26 Jn 6:2-14

6:27 És 55:2; Jn 3:33

6:29 I Tes 1:3

6:30 Mat 12:38

6:31 Sòm 78:24

6:33 Jn 6:41-50

6:34 Jn 4:15

6:35 Jn 6:48

6:35 Jn 4:14

6:36 Jn 6:26

6:37 Jn 6:39

6:38 Jn 3:13

6:38 Mat 26:39

6:39 Jn 17:12

6:40 Jn 3:16

6:40 Mat 10:15

6:41 Jn 6:33-58

6:42 Luc 4:22

6:42 Jn 7:27

6:44 Jr 31:3

6:45 És 54:13

6:46 Jn 1:18

6:47 Jn 3:36

6:48 Jn 6:35-51

6:50 Jn 3:36

6:51 Jn 1:29

6:52 Jn 9:16

6:53 Mat 8:20

6:54 Jn 6:39

6:56 Jn 15:4

6:57 Mat 16:16

6:58 Jn 3:36

6:59 Mat 4:23

6:60 Jn 2:2

6:61 Mat 11:6

6:62 Jn 3:13

6:63 II Kor 3:6

6:64 Jn 2:25

6:64 Mat 10:4

6:65 Mat 13:11

6:66 Jn 2:2

6:67 Mat 10:2

6:68 Jn 6:63

6:69 Mc 1:24

6:70 Jn 15:16-19

6:71 Jn 12:4