3
Èske n ap kòmanse II Kor 5:12bay pwòp tèt nou lwanj ankò? Oswa èske nou menm bezwen, tankou kèk lòt moun, lèt rekòmandasyon pou nou menm, oswa petèt ki sòti de nou menm? I Kor 9:2Nou menm nan legliz Korent se lèt nou, ki ekri nan kè nou, ki rekonèt e ki li pa tout moun. Li parèt klè ke nou se yon lèt ki sòti nan Kris la, ki pran swen pa nou menm, ki pa t ekri avèk lank, men avèk Lespri Bondye vivan an, pa sou tablèt wòch, men sou Pwov 3:3tablèt kè lòm.
Yon Ef 3:12konfyans konsa ke nou genyen atravè Kris la vè Bondye. Se pa ke nou ase fò nan nou menm pou konsidere ke tout bagay kapab sòti nan nou menm, men I Kor 15:10fòs nou an soti nan Bondye. Ki te osi fè nou ase fò tankou sèvitè a yon Jr 31:31akò tounèf, pa selon Wo 2:29lèt la, men selon Lespri a. Paske lèt la touye, men Lespri a bay lavi.
Men si Wo 7:5zèv lanmò a, ak lèt la byen grave sou wòch te vini avèk glwa, Egz 34:29-35jis pou fis Israël yo pa t kapab fikse atansyon yo sou figi Moïse akoz de glwa a figi li, malgre briyans lan te kòmanse ap bese, kòman zèv Lespri a p ap vin pi fò avèk laglwa a? Paske si zèv kondanasyon an gen glwa, konbyen anplis Wo 1:17zèv ladwati a p ap ranpli avèk glwa? 10 Paske anverite, sa ki te gen glwa a, nan ka sa a pa gen glwa, akoz glwa ki depase l la. 11 Paske si sa ki disparèt la te avèk glwa, bokou plis sa ki rete a gen glwa.
12 Konsa, akoz ke nou gen yon espwa parèy a sa a, Trav 4:13,29nou sèvi ak gran kouraj nan pawòl nou yo. 13 Se pa tankou Moïse Egz 34:33-35ki te konn mete yon vwal sou figi l pou fis Israël yo pa t kab gade avèk atansyon sou fen sa ki t ap disparèt la. 14 Men tèt yo te Wo 11:7vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, Trav 13:5 menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo. 16  Egz 34:34Men nenpòt lè yon moun vire vè Senyè a, vwal la vin sòti. 17 Alò, Senyè a se Lespri a; e kote Lespri Senyè a ye, Jn 8:32gen libète. 18 Men nou tout, avèk figi devwale I Kor 13:12k ap gade tankou nan yon miwa laglwa Senyè a Wo 8:29k ap transfòme nan menm imaj a glwa sa a, jis rive nan glwa ki sòti nan Senyè a, ki se Lespri a.

3:1 II Kor 5:12

3:2 I Kor 9:2

3:3 Pwov 3:3

3:4 Ef 3:12

3:5 I Kor 15:10

3:6 Jr 31:31

3:6 Wo 2:29

3:7 Wo 7:5

3:7 Egz 34:29-35

3:9 Wo 1:17

3:12 Trav 4:13,29

3:13 Egz 34:33-35

3:14 Wo 11:7

3:14 Trav 13:5

3:16 Egz 34:34

3:17 Jn 8:32

3:18 I Kor 13:12

3:18 Wo 8:29