2
Men mwen te deside sa pou koz pa mwen, pou mwen I Kor 4:21pa ta vin kote nou menm nan tristès ankò. Paske si m II Kor 7:8fè nou tris, kilès k ap fè m kontan, sof ke sila ke m te fè tris la. Sa se menm bagay ke m te ekri nou an, jis pou lè m te vini, pou mwen pa ta twouve tristès nan sila ki ta dwe fè m rejwi yo. Paske mwen gen Gal 5:10konfyans ke m gen nan nou tout la, pou lajwa pa m ta kapab lajwa pa nou tout. Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m II Kor 2:9te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.
Men I Kor 5:1si yon moun fè nou tris, se pa mwen li fè tris la, men, nan yon sèten sans, (jis pou m pa di twòp) a nou tout. Sifi pou yon moun konsa se I Kor 5:4pinisyon ki te enpoze pa majorite a. Donk okontrè, nou ta pito rekonfòte e Gal 6:1padone li, otreman pou yon moun konsa ta sibi yon tristès ki depase limit. Pou sa, mwen ankouraje nou pou fè l konnen ankò, lanmou nou gen anvè li a. Paske nan bi sa, mwen osi te ekri nou pou m te kapab teste nou, si nou II Kor 7:15obeyisan nan tout bagay. 10 Men sila ke nou te padone a, mwen te padone li tou; paske anverite, sa ke m te padone a, si vrèman mwen te padone yon bagay, mwen te fè l pou koz nou I Kor 5:4nan prezans a Kris la 11 pou Satan pa t kab vin pwofite de nou; paske Luc 22:31nou pa inyoran de manèv li yo.
12 Alò, lè m te vini Trav 16:8Troas pou levanjil a Kris la, e lè Trav 14:27yon pòt te vin ouvri pou mwen nan Senyè a, 13 mwen II Kor 7:5pa t gen repo nan lespri mwen, akoz mwen pa t twouve Tite, frè mwen an. Konsa, mwen te kite yo, pou mwen te kontinye vè Macédoine.
14  Wo 1:8Men gras a Bondye, ki toujou mennen nou nan viktwa Li an Kris la, e ki toujou fè parèt nan nou yon pafen ki santi bon de konesans a Li nan tout kote. 15 Paske nou se Ef 5:2odè santi bon a Kris la vè Bondye pami I Kwo 1:18sila k ap vin sove yo, e pami sila k ap peri yo. 16  Luc 2:34Pou youn, yon movèz odè ki soti nan lanmò pou rive nan lanmò, pou lòt la, yon odè ki soti nan lavi pou rive nan lavi. E kilès nan nou ki II Kor 3:5gen ase de fòs pou bagay sa yo? 17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men I Kor 5:8 nan senserite, devan ze Bondye, nou pale nan Kris.

2:1 I Kor 4:21

2:2 II Kor 7:8

2:3 Gal 5:10

2:4 II Kor 2:9

2:5 I Kor 5:1

2:6 I Kor 5:4

2:7 Gal 6:1

2:9 II Kor 7:15

2:10 I Kor 5:4

2:11 Luc 22:31

2:12 Trav 16:8

2:12 Trav 14:27

2:13 II Kor 7:5

2:14 Wo 1:8

2:15 Ef 5:2

2:15 I Kwo 1:18

2:16 Luc 2:34

2:16 II Kor 3:5

2:17 I Kor 5:8