16
1 Paul te vini osi nan Derbe ak Lystre.
Epi yon disip yo te rele ✡ Trav 17:14Timothée te la, Fis a yon ✡ II Tim 1:5fanm Jwif ki te yon kwayan, men papa li te yon Grèk. 2 Tout ✡ Trav 16:40frè fidèl ki te nan Lystre avèk Icone yo te pale byen de li. 3 Paul te vle mesye sila a ale avè l; epi li te ✡ Gal 2:3pran li e te sikonsi li akoz Jwif ki te nan landwa sila yo, paske yo tout te konnen ke papa l se te yon Grèk.
4 Alò, pandan yo t ap travèse vil yo, yo t ap livre bay ✡ Trav 15:28desizyon a ki te detèmine pa apòt yo ak ansyen yo nan Jérusalem. 5 Donk ✡ Trav 9:31legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap ✡ Trav 2:47grandi an nonb chak jou.
6 Yo te travèse rejyon a Phrygie ak ✡ Trav 18:23Galatie, akoz ke yo te anpeche pa Lespri Sen an pou pale pawòl la an Asie; 7 Lè yo te vini Mysie, yo t ap eseye antre Bithynie, e ✡ Luc 24:49Lespri Jésus a pa t pèmèt yo. 8 Lè yo te kite Mysie, yo te desann ✡ Trav 16:11Troas.
9 Epi yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan: yon sèten mesye a Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin ✡ Trav 16:10,12Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te ✡ Trav 16:10-17chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
11 Donk, mete nou deyò sou lanmè soti ✡ Trav 16:8Troas nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis. 12 Nou te kite la pou ✡ Trav 20:6Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women; e nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
13 Nan ✡ Trav 13:14jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon ✡ Trav 18:7adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te ✡ Luc 24:45louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak ✡ Trav 11:4tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e t ap di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
16 Li te vin rive ke pandan nou t ap ale nan plas lapriyè a, yon sèten jenn fanm-esklav avèk yon ✡ Lev 19:31Lespri divinasyon ki t ap fè anpil kòb pou mèt li yo akoz ke li te konn pale moun davans sa ki t ap vini, te rankontre nou. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li te kontinye ap kriye fò, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè yo a ✡ Mc 5:7Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, youn chemen sali a.” 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.
Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou ✡ Luc 10:17nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E li te sòti nan menm moman an.
19 Men lè mèt li yo te wè ke tout espwa yo pou ✡ Trav 16:16fè kòb te disparèt, yo te sezi Paul ak Silas, e te ✡ Trav 17:6trennen yo nan mache a devan otorite yo. 20 Lè yo te mennen yo a chèf majistra yo, yo te di: “Mesye sa yo ap boulvèse vil nou an; se Jwif yo ye. 21 Y ap ✡ Est 3:8pwoklame koutim ki pa pèmèt pou nou aksepte ni obsève kòm Women.”
22 Konsa, foul la te leve ansanm kont yo. Chèf majistra yo te chire rad yo, e te kòmande pou yo bat yo avèk baton.
23 Lè yo te fin bay yo anpil kou, yo te jete yo nan prizon, e te kòmande ✡ Trav 16:27,36jandam prizon an pou veye yo de prè. 24 Li menm, akoz ke li resevwa lòd sa a, te jete yo nan prizon pa anndan an, e te tache pye yo ✡ Job 13:27nan chèn.
25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e t ap ✡ Ef 5:19chante chan lwanj a Bondye, e prizonye yo t ap koute yo.
26 Konsa, sibitman te vin gen yon gwo tranbleman detè, ki souke menm fondasyon kay prizon an. Imedyatman ✡ Trav 12:10tout pòt prizon an te vin louvri, e ✡ Trav 12:7chèn tout moun te vin detache.
27 Lè ✡ Trav 16:23,36jandam prizon an te leve nan dòmi, e te wè tout pòt yo te vin ouvri, li te rale nepe ✡ Trav 12:19pou touye tèt li, paske li te sipoze ke prizonye yo te chape.
28 Men Paul te kriye ak yon vwa fò e te di: “Pa fè tèt ou mal, paske nou tout la!”
29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz, li te tonbe devan ✡ Trav 16:19Paul ak Silas, 30 Lè l te fin mennen yo deyò, li te di yo: “Mesye yo ✡ Trav 2:37kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”
31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk ✡ Trav 11:14lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.
33 Li te pran yo ✡ Trav 16:25nan menm lè sa a nan nwit lan, li te lave blesi yo e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li, e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk ✡ Trav 11:14tout lakay li.
35 Alò, lè jounen an te rive, chèf majistra yo te voye jandam yo pou di: “Lage moun sa yo.”
36 Epi ✡ Trav 16:27jandam prizon an te fè rapò sa a bay Paul e t ap di: “Chèf majistra yo gen tan voye lage nou. Konsa, vin deyò kounye a e ale ✡ Trav 15:33anpè.”
37 Men Paul te di yo: “Yo gen tan bat nou an piblik san jijman ✡ Trav 22:25-29moun ki se sitwayen Women, e yo te jete nou nan prizon. Alò, koulye a y ap voye nou ale an sekrè? Anverite, non! Men kite yo vini yo menm, pou mete nou deyò.”
38 Jandam yo te bay rapò a pawòl sila yo bay chèf majistra yo, e ✡ Trav 22:29yo te pè lè yo te tande ke se te Women yo te ye. 39 Yo te vini pou te fè apèl ak yo, e lè yo te fin lage yo, yo te kontinye mande yo ✡ Mat 8:34pou kite vil la.
40 Yo te kite prizon an e te antre lakay Lydie; lè yo te wè frè yo, yo te ankouraje yo, e yo te pati.