15
Trav 15:24Alò kèk mesye te desann sòti Judée e te kòmanse enstwi frè yo: “Amwenske nou vin sikonsi selon koutim Moïse la, nou pa kapab sove.”
Lè Paul ak Barnabas te fè yon gran diskisyon ak Trav 15:7deba avèk yo, lòt frè yo te detèmine ke Paul ak Barnabas ak kèk lòt nan yo ta dwe monte Jérusalem vè lòt apòt yo ak lansyen yo konsènan pwoblèm sila a. Konsa Trav 20:38voye pa legliz la, yo t ap travèse Phénicie ak Samarie, e t ap bay an detay istwa konvèsyon pèp etranje yo. Sa te fè kè a tout frè yo kontan anpil.
Lè yo te rive Jérusalem, yo te resevwa pa legliz la avèk tout apòt ak ansyen yo. Konsa, yo te bay yon Trav 14:27rapò konple de tout sa ke Bondye te fè avèk yo.
Men Trav 26:5kèk nan gwoup Farizyen ki te kwayan yo te kanpe e te di: “Li nesesè pou I Kwo 7:18sikonsi yo, e pou fè yo swiv Lalwa Moïse la.”
Trav 11:30Apòt ak ansyen yo te vin reyini ansanm pou egzamine afè sila a.
Apre anpil diskisyon, Pierre te kanpe e te di yo: “Frè yo, nou konnen ke nan tan pase yo, Bondye te fè yon chwa pami nou, ke pa bouch mwen, pèp etranje yo ta dwe tande pawòl Trav 20:24levanjil la, e vin kwè. Bondye Trav 1:24ki konnen kè a, te temwaye a yo menm, e te Trav 2:4bay yo Lespri Sen an, menm jan ke Li te fè nou an. Trav 10:28,34Li pa t fè distenksyon antre nou ak yo, e te netwaye kè yo pa lafwa.
10 “Alò konsa, poukisa nou Trav 5:9mete Bondye a leprèv la a lè nou plase sou kou a disip yo yon jouk ke ni zansèt nou yo, ni nou menm pa t kapab pote? 11 Men nou kwè ke nou sove pa Wo 3:24lagras a Senyè Jésus a, menm jan ak yo menm.”
12 Tout foul la te rete an silans. Yo t ap koute Barnabas ak Paul lè yo t ap Trav 14:27eksplike ki sign ak mirak Bondye te fè atravè yo menm pami pèp etranje yo.
13 Apre yo te fin pale Trav 12:17Jacques te reponn e te di: “Frè yo, koute mwen. 14  Trav 15:7Simon eksplike nou jan Bondye te premyèman pran pami pèp etranje yo, yon pèp pou non Li. 15 Epi avèk sa a, pawòl a Trav 13:40pwofèt yo dakò, jis jan sa ekri a:
16  Am 9:11‘Apre bagay sa yo Mwen va retounen.
Mwen va rebati tabènak David ki te tonbe a.
Mwen va rebati ranblè li yo,
e Mwen va restore li
17 pou Am 9:12tout rès limanite a kapab chache Bondye,
ak tout pèp etranje yo ki rele pa non Mwen,’
18 di Senyè a ki És 45:21fè tout bagay sila yo konnen depi nan tan ansyen an.
19 “Konsa, se Trav 15:28jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak Lev 18:6-23imoralite seksyèl, ak Lev 17:14vyann sa ki toufe, ak san. 21 Paske Trav 13:15Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li kon li nan sinagòg yo chak Saba.”
22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Trav 15:27,32,40Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. 23 Yo te voye lèt sa a avèk yo:
Trav 15:2Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.
24 “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap Gal 1:7twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, 25  Trav 15:28li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. 26 Se mesye yo ki Trav 9:23riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.
27 “Konsa, nou voye Trav 15:22,32Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.
28 “Paske li te parèt bon Trav 5:32pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite Trav 15:20bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”
30 Donk, lè yo te voye yo ale, yo te Trav 15:22desann Antioche. Yo te ransanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. 31 Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. 32 Jude ak Silas, ki te Trav 13:1pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.
33 Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. 34 Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.
35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou Trav 8:4preche e enstwi pawòl Senyè a.
36 Apre kèk tan, Paul te di Barnabas: “Annou retounen pou vizite Trav 13:4,13,14,51chak vil kote nou te pwoklame pawòl Senyè a pou nou wè kijan yo ye.”
37 Barnabas te vle pran Trav 12:12Jean Marc pou ale avèk yo tou.
38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te Trav 13:13abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.
39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Trav 4:36Chypre.
40 Men Paul te chwazi Trav 15:22Silas e te pati. Frè yo te remèt li nan gras Senyè a. 41 Li te vwayaje travèse Mat 4:24Syrie ak Cilicie, pou ranfòse legliz yo.

15:1 Trav 15:24

15:2 Trav 15:7

15:3 Trav 20:38

15:4 Trav 14:27

15:5 Trav 26:5

15:5 I Kwo 7:18

15:6 Trav 11:30

15:7 Trav 20:24

15:8 Trav 1:24

15:8 Trav 2:4

15:9 Trav 10:28,34

15:10 Trav 5:9

15:11 Wo 3:24

15:12 Trav 14:27

15:13 Trav 12:17

15:14 Trav 15:7

15:15 Trav 13:40

15:16 Am 9:11

15:17 Am 9:12

15:18 És 45:21

15:19 Trav 15:28

15:20 Lev 18:6-23

15:20 Lev 17:14

15:21 Trav 13:15

15:22 Trav 15:27,32,40

15:23 Trav 15:2

15:24 Gal 1:7

15:25 Trav 15:28

15:26 Trav 9:23

15:27 Trav 15:22,32

15:28 Trav 5:32

15:29 Trav 15:20

15:30 Trav 15:22

15:32 Trav 13:1

15:35 Trav 8:4

15:36 Trav 13:4,13,14,51

15:37 Trav 12:12

15:38 Trav 13:13

15:39 Trav 4:36

15:40 Trav 15:22

15:41 Mat 4:24