2
Answit, apre yon espas katòz ane mwen Trav 15:2te monte ankò Jérusalem avèk Barnabas, e mwen te pran Tite osi. Se te akoz yon revelasyon ke mwen te monte a. Epi konsa, mwen te soumèt devan yo menm levanjil ke mwen preche pami pèp etranje yo. Men mwen te fè sa an prive a sila ki te gen repitasyon yo, pou lakrent ke mwen I Kor 9:24ta ka petèt kouri, oubyen te kouri anven. Men pa menm II Kor 2:13Tite ki te avèk mwen an, malgre li te yon Grèk, pa t oblije sikonsi. Men se te akoz de Trav 15:1,24fo frè yo ki te antre an kachèt pou espyone libète ke nou gen nan Kris Jésus a, pou yo ta ka mennen nou nan esklavaj. Men nou pa t soumèt a yo menm pandan menm yon moman, pou Gal 1:6verite levanjil la ta kapab rete avèk nou tout. Men de sila ki te gen gwo repitasyon yo—sa yo te ye pa gen enpòtans pou mwen; Trav 10:34Bondye pa nan patipri—byen, sila ki te gen repitasyon yo pa t ogmante anyen anplis pou mwen. Men okontrè, yo te wè ke levanjil la te konfye a mwen menm Trav 9:15pou ensikonsi yo, menm jan ke li te konfye a Pierre pou sikonsi yo. Paske Sila ki te an reyalite travay atravè Pierre kòm Trav 1:25apot pou sikonsi yo, te an reyalite travay atravè mwen menm tou anvè pèp etranje yo. Konsa, ak rekonesans Wo 12:3gras ke m te resevwa, Jacques, Céphas, ak Jean, ki te gen repitasyon kòm pilye lafwa yo, te ban mwen ak Barnabas lamen dwat dasosiyasyon, pou nou te kapab ale kote pèp etranje yo e yo menm kote sikonsi yo. 10 Yo te sèlman mande nou pou nou sonje pòv yo Trav 24:17bagay ke mwen te vrèman vle fè.
11 Men lè Gal 1:18Céphas te vini Antioche, mwen te opoze a li menm nan toudwat devan l, paske li te rete kondane. 12 Paske avan moun a Jacques yo te vini, li te konn Trav 11:3manje avèk pèp etranje yo. Men lè yo te vini, li te kòmanse fè bak pou rete a leka, akoz Trav 11:2lakrent pati sikonsizyon an. 13 Rès Jwif yo te vin jwenn avè l nan ipokrizi a, avèk rezilta ke menm Trav 4:36Barnabas te pote ale pa ipokrizi yo a. 14 Men lè mwen te wè ke yo pa t mache dwat selon Gal 2:5verite levanjil la, mwen te di a Céphas nan prezans a tout moun: “Si ou menm, kòm yon Jwif, viv kon pèp etranje yo e pa tankou Jwif, kòman ou ka fòse pèp etranje yo viv tankou Jwif?
15 Nou menm ki se Fil 3:4Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke Trav 13:39yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye. 17 Men si, pandan n ap chache jistifye nan Kris, nou menm osi jwenn nou kòm Gal 2:15pechè, èske konsa Kris se yon sèvitè a peche? Ke sa pa janm fèt! 18 Paske si mwen rebati sa ke, yon fwa, mwen te detwi a, mwen Wo 3:5pwouve a tèt mwen ke mwen se yon transgresè. 19 Paske selon Lalwa a Wo 6:2mwen te mouri a Lalwa a, pou mwen te kapab viv a Bondye. 20 Mwen te Wo 6:6krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen. 21 Mwen pa anile lagras Bondye, paske Gal 3:21si ladwati vini selon Lalwa a, alò, Kris te mouri san rezon.”

2:1 Trav 15:2

2:2 I Kor 9:24

2:3 II Kor 2:13

2:4 Trav 15:1,24

2:5 Gal 1:6

2:6 Trav 10:34

2:7 Trav 9:15

2:8 Trav 1:25

2:9 Wo 12:3

2:10 Trav 24:17

2:11 Gal 1:18

2:12 Trav 11:3

2:12 Trav 11:2

2:13 Trav 4:36

2:14 Gal 2:5

2:15 Fil 3:4

2:16 Trav 13:39

2:17 Gal 2:15

2:18 Wo 3:5

2:19 Wo 6:2

2:20 Wo 6:6

2:21 Gal 3:21