3
Finalman, frè m yo Fil 2:18rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
Veye Sòm 22:16chen yo, veye II Kor 11:13ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. Paske Wo 2:29nou menm se vrè sikonsizyon an, ki Jn 4:23adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè. Byenke II Kor 5:16mwen menm ta kapab gen konfyans menm nan lachè. Si gen nenpòt lòt moun ki gen lide pou mete konfyans li nan lachè, mwen menm bokou plis ke sa: Luc 1:59sikonsi nan uityèm jou a, ne nan Wo 11:1nasyon Israël la, nan tribi Benjamin an, yon Ebre a Ebre yo; selon Lalwa a, yon Farizyen; kòm zele, yon Trav 8:3pèsekitè legliz la; kòm ladwati ki nan Lalwa a, ki twouve san fot.
Men Luc 14:33nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Jr 9:23Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk Wo 10:5ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, Wo 9:30ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak Wo 6:5pouvwa a rezirèksyon Li an, ak Wo 8:17lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab I Kor 15:23rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12 Se pa ke m I Kor 9:24rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; Luc 9:62se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondye Wo 8:28nan Kris Jésus a. 15 Konsa, otan nan nou ki pafè, annou gen menm panse sa a. Epi si nan nenpòt bagay nou pa reflechi konsa Jn 6:45Bondye va osi revele sa a nou. 16 Sepandan, nan menm fòs ke nou deja reyisi, annou kontinye Gal 6:16viv pa menm prensip ke nou fin atenn deja a. Annou toujou gen menm panse.
17 Frè m yo I Kor 4:16vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon I Pi 5:3modèl ke nou gen nan nou an. 18 Paske II Kor 11:13anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi Gal 6:14lakwa a Kris la, 19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo Wo 16:18apeti yo, e ki gen pou Wo 6:21glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20 Paske pou nou menm Ef 2:19sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va I Kor 15:43-53transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

3:1 Fil 2:18

3:2 Sòm 22:16

3:2 II Kor 11:13

3:3 Wo 2:29

3:3 Jn 4:23

3:4 II Kor 5:16

3:5 Luc 1:59

3:5 Wo 11:1

3:6 Trav 8:3

3:7 Luc 14:33

3:8 Jr 9:23

3:9 Wo 10:5

3:9 Wo 9:30

3:10 Wo 6:5

3:10 Wo 8:17

3:11 I Kor 15:23

3:12 I Kor 9:24

3:13 Luc 9:62

3:14 Wo 8:28

3:15 Jn 6:45

3:16 Gal 6:16

3:17 I Kor 4:16

3:17 I Pi 5:3

3:18 II Kor 11:13

3:18 Gal 6:14

3:19 Wo 16:18

3:19 Wo 6:21

3:20 Ef 2:19

3:21 I Kor 15:43-53