4
Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
Mwen ankouraje Évodie e mwen ankouraje Syntyche pou Fil 2:2viv an amoni nan Senyè a. Vrèman, fidèl kòlèg mwen yo, mwen mande nou osi pou ede fanm sa yo ki te pataje lit mwen an pou koz a levanjil la, ansanm avèk Clément osi ak tout lòt ouvriye parèy a mwen yo ki gen Luc 10:20non yo nan liv lavi a.
Toujou Fil 3:1rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. I Kor 16:22Senyè a toupre. Mat 6:25Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa Ef 6:18lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. Epi konsa, És 26:3lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
Finalman, frè m yo Wo 14:18nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè Fil 3:17nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m II Kor 9:8kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak I Kor 4:11grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki II Kor 12:9ban m fòs la. 14 Sepandan, nou te fè byen pou Eb 10:33pataje avè m nan soufrans mwen an. 15 Nou menm konnen osi, Filipyen yo, ke nan premye predikasyon levanjil la, lè m fin kite Macédoine, ke pa t gen legliz ki te II Kor 11:9pataje avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa a, men nou menm sèlman. 16 Paske menm nan Trav 17:1Théssalonique, nou te voye plis ke yon fwa yon don pou satisfè bezwen mwen yo. 17  I Kor 9:11Se pa ke m chache don an pou kont li, men mwen chache pwofi ki ogmante pou kont pa nou. 18 Men konsa mwen te resevwa tout bagay nèt e mwen genyen an abondans. Mwen byen founi depi m te resevwa nan men Fil 2:25Épaphrodite sa ke nou te voye a, yon pafen ki santi bon, yon sakrifis akseptab, ki byen fè Bondye plezi. 19 Epi II Kor 9:8Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a. 20 Koulye a, Gal 1:4a Bondye nou an ak Papa a, Wo 11:36laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
21 Salye chak fidèl nan Kris Jésus a. Gal 1:2Frè ki avè m yo salye nou. 22  II Kwo 13:13Tout fidèl yo salye nou, sitou sila ki lakay César yo.
23 Ke Wo 16:20lagras Senyè a Jésus Kri kapab avèk nou tout. Amen

4:2 Fil 2:2

4:3 Luc 10:20

4:4 Fil 3:1

4:5 I Kor 16:22

4:6 Mat 6:25

4:6 Ef 6:18

4:7 És 26:3

4:8 Wo 14:18

4:9 Fil 3:17

4:11 II Kor 9:8

4:12 I Kor 4:11

4:13 II Kor 12:9

4:14 Eb 10:33

4:15 II Kor 11:9

4:16 Trav 17:1

4:17 I Kor 9:11

4:18 Fil 2:25

4:19 II Kor 9:8

4:20 Gal 1:4

4:20 Wo 11:36

4:21 Gal 1:2

4:22 II Kwo 13:13

4:23 Wo 16:20