16
Mwen II Kwo 3:1rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a. Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm Fil 2:29 se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.
Salye Trav 18:2Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris, moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo. Salye osi tout I Kwo 16:19legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a. Salye Marie ki travay di pou nou. Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e Kol 4:10prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m. Salye Amplias, zanmi byeneme m nan Senyè a. Salye Urbain, ouvriye parèy a nou Wo 8:11nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan. 10 Salye Apellès, ki apwouve Wo 8:11nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo. 11 Salye Hérodion Wo 9:3fanmi mwen. Salye sila ki lakay Narcisse yo, ki nan Senyè a. 12 Salye Tryphène ak Tryphose, ouvriye nan Senyè a. Salye Perside, byeneme a, ki travay di nan Senyè a. 13 Salye Mc 15:21Rufus, yon nonm chwazi nan Senyè a, manman li osi e ki tankou manman pa m tou. 14 Salye Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, ak tout frè ki avèk yo. 15 Salye Philologue ak Julie, Nérée ak sè li, e Olympe, e tout Wo 16:2,14fidèl ki avèk yo. 16  I Kwo 16:20Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Kris la salye nou.
17 Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Mat 7:18Vire do nou ba yo menm. 18 Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak Kol 2:4pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo. 19 Paske rapò obeyisans nou an Wo 1:8gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal. 20  Wo 15:33Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè.
Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.
21  Trav 16:1Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen. 22 Mwen menm, Tertius I Kwo 16:21k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a. 23  Trav 19:29Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a. 24 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen. 25 Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo, 26 men koulye a ki vin manifeste, selon Wo 1:2Ekriti Sen a pwofèt yo, ak kòmandman a Bondye etènèl la, ki vin konnen pa tout nasyon yo, ki mennen rive a Wo 1:5obeyisans lafwa a. 27 A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris Wo 11:36ki se laglwa pou tout tan an. Amen.

16:1 II Kwo 3:1

16:2 Fil 2:29

16:3 Trav 18:2

16:5 I Kwo 16:19

16:7 Kol 4:10

16:9 Wo 8:11

16:10 Wo 8:11

16:11 Wo 9:3

16:13 Mc 15:21

16:15 Wo 16:2,14

16:16 I Kwo 16:20

16:17 Mat 7:18

16:18 Kol 2:4

16:19 Wo 1:8

16:20 Wo 15:33

16:21 Trav 16:1

16:22 I Kwo 16:21

16:23 Trav 19:29

16:26 Wo 1:2

16:26 Wo 1:5

16:27 Wo 11:36