15
1 ✡ Mat 27:1Nan granmmaten, chèf prèt avèk ansyen yo ak skrib yo, e tout konsèy la te reyini lamenm. Yo te mare Jésus e te mennen Li ale pou livre Li bay Pilate.
2 ✡ Mat 27:11-14Pilate te kesyone L: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?”
Epi Li te reponn yo e te di li: “Se jan ou di l la.”
3 Chèf prèt yo te akize L byen sevè sou anpil bagay.
4 Epi Pilate t ap kesyone L ankò e te di: “Kòmsi Ou pa reponn? Ou pa wè konbyen akizasyon y ap pote kont Ou?”
5 Men Jésus ✡ Mat 27:12pa t reponn anplis; jiskaske Pilate te etone.
6 ✡ Mat 27:15-26Alò, nan fèt la, li te konn lage pou yo yon prizonye, ki chwazi selon demann pa yo. 7 Epi mesye yo te rele Barabbas la te vin pran prizon an avèk sila ki t ap fè revòlt yo. Se te li ki te touye moun nan soulèvman an. 8 Konsa, foul la te pwoche Pilate, e te kòmanse mande l fè sa ke li te gen abitid fè pou yo a. 9 Pilate te reponn yo e te di: “Èske nou vle ke m ta lage pou nou Wa a Jwif yo?” 10 Paske li te byen konprann ke chèf prèt yo te livre Li akoz jalouzi.
11 Men chèf prèt yo te chofe foul la ✡ Trav 3:14pou mande l olye sa a, pou li ta lage bay yo Barabbas.
12 Epi Pilate te reponn yo ankò: “Ebyen, kisa pou m ta fè avèk Li menm ke nou rele Wa Jwif yo?”
13 Epi yo te rele reponn: “Krisifye Li!”
14 Men Pilate t ap di yo: “Poukisa; ki mal Li fè?” Men yo te rele pi fò: “Krisifye Li!”
15 Epi akoz ke li te vle satisfè foul la, Pilate te lage Barabbas pou yo, e apre li te fè yo bat Jésus ✡ Mat 27:26ak fwèt, li te livre L pou krisifye.
16 ✡ Mat 27:27-31Sòlda yo te pran L antre nan palè a (sa vle di Pretwa a), epi yo te rele ansanm tout kowòt Women an. 17 Yo te abiye Li an mov, e apre yo te fin trese yon kouwòn zepin, yo te mete l sou tèt Li; 18 Epi yo te kòmanse salye Li: “Sali, Wa a Jwif yo!” 19 Yo te kontinye bat tèt Li avèk yon wozo, yo te krache sou Li, yo te mete yo ajenou, e t ap bese devan Li. 20 Lè yo te fin moke L, yo retire vètman mov la, e te mete pwòp rad Li sou Li. E yo te mennen Li deyò pou krisifye Li. 21 ✡ Mat 27:32Yo te pran yon mesye pa lafòs ki t ap sòti andeyò pou fè l fè kòve; Simon de Cyrène, (papa a Alexandre ak Rufus), pou pote kwa Li a.
22 E yo te ✡ Mat 27:33-44mennen Li nan plas Golgotha, ki tradwi kon Plas A Zo Bwatèt. 23 Yo te eseye bay Li ✡ Mat 27:34diven mele avèk myrr; men Li pa t pran li. 24 Epi yo te krisifye Li e te ✡ Sòm 22:18divize vètman Li yo pami yo menm. Yo te fè tiraj osò pou yo detèmine sa ke yo chak ta pran.
25 Se te nan ✡ Mc 15:33twazyèm lè ke yo te krisifye Li a.
26 Epi enskripsyon avèk detay akizasyon kont Li an te di: ✡ Mat 27:37“Wa a Jwif yo”.
27 Epi yo te krisifye de vòlè avè L; youn sou men dwat Li, e youn sou men goch Li. 28 Epi lekriti sen an te akonpli ki te di: ✡ És 53:12“Epi Li te konte pami malfektè yo.”
29 E sila ki t ap pase yo t ap voye ensilt; yo t ap ✡ Sòm 22:7souke tèt yo e t ap di: “Gade! Ou menm ki t ap ✡ Mc 14:58detwi tanp lan e rebati li nan twa jou a. 30 Sove tèt Ou, e desann sou kwa a.”
31 Menm jan an, chèf prèt yo ansanm avèk skrib yo, t ap moke Li pami yo menm e t ap di: ✡ Mat 27:42“Li te sove lòt yo; Li pa kapab sove tèt Li.” 32 “Ke Kris sa a, Wa Israël La, desann kwa a koulye a pou nou kapab wè e kwè!” Epi ✡ Mat 27:44sila ki te krisifye avèk Li yo t ap ensilte L menm jan an.
33 ✡ Sòm 22:1Lè sizyèm lè a te rive, tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 34 Epi nan nevyèm lè a, Jésus te kriye fò avèk yon gwo vwa: “Eloi, Eloi, lama sabachthani?” ki tradwi “Bondye M, Bondye M, poukisa Ou abandone Mwen?”
✡ Sòm 22:1 35 Lè kèk nan moun ki te la yo tande sa, yo te di: “Gade, L ap rele Élie.”
36 Yon moun te kouri ale pran yon eponj e te ranpli li avèk vinèg si. Li te mete l sou yon wozo, e te bay Li bwè, e te di: “Annou wè koulye a si Élie ap vin fè L desann.”
37 ✡ Mat 27:50Epi Jésus te pouse yon gwo kri, e te rann dènye souf li.
38 ✡ Egz 26:31-33Epi vwal tanp lan te chire an de, soti anwo, jis rive anba.
39 ✡ Mat 27:54Lè santenye Women nan, ki te kanpe tou dwat devan Li a, te wè jan Li te rann dènye souf Li a, li te di: “Anverite, nonm sila a se te Fis Bondye a.”
40 ✡ Luc 23:49Te gen osi, fanm ki t ap veye a yon distans, e pami yo se te Marie Magdalène, e Marie, manman a Jacques Le Mineur, avèk Joset, e Salomé. 41 Lè Li te Galilée, yo te konn swiv Li e ✡ Mat 27:55sèvi Li, e anpil lòt fanm osi te vin monte avèk Li Jérusalem.
42 Lè aswè te rive, akoz Jou Preparasyon an, sa vle di, jou avan Saba a, ✡ Mat 27:57-61 43 Joseph Arimathée ✡ Mat 27:57te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ✡ Jn 19:38ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
44 Pilate te vle konnen si Li te gen tan mouri. Li te rele santenye Women an, e te mande l si li te mouri deja. 45 Epi lè l vin konprann sa selon ✡ Mc 15:39santenye Women an, li te bay kò a a Joseph.
46 Joseph te pote yon twal lèn, te desann Li, e te vlope L nan twal lèn an. Li te mete L nan tonm ki te fouye nan wòch la, e li te woule yon gwo wòch kont antre a tonm nan.
47 ✡ Mat 27:56Marie Magdala, avèk Marie, manman Joses t ap gade pou wè kote yo te mete Li.