16
Jn 20:1-8Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li. Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule Mat 27:60wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”
Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. Jn 20:11-12Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.
Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Mat 28:6Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; Mat 26:32L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”
Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.
Alò, apre Li te leve bonè nan premye jou semèn nan, Li te parèt premyèman a Mat 27:56Marie Magdala, moun sou sila ke Li te retire sèt move lespri yo. 10  Jn 20:18Marie te ale bay rapò a sila ki te konn avèk Li yo pandan yo te nan doulè e t ap kriye. 11 Lè yo te tande ke Li te vivan, e li te wè L, Mat 28:17yo te refize kwè sa.
12 Epi apre sa, Li te parèt nan yon lòt fòm a Luc 24:13-35yo de pandan yo t ap mache fè wout yo andeyò. 13 Epi yo te kite la, e te ale bay rapò a lòt yo, men yo Mat 28:17pa t kwè yo nonplis.
14 Apre, Li te vin parèt a Luc 24:36onz yo menm, pandan yo te sou tab. Li te bay yo repwòch pou enkredilite ak kè di yo, paske yo pa t kwè sila ki te wè l yo apre li te leve a.
15 Li te di yo: Mat 28:19“Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16  Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane. Jn 3:18-36 17  Sign sa yo ap swiv sila ki kwè yo. Mc 9:38Nan non pa M, yo va chase move lespri yo; yo va pale an lang tounèf; 18  yo va kenbe koulèv, e si yo bwè nenpòt pwazon mòtèl, li p ap fè yo anyen; yo va Mc 5:23mete men sou malad yo, e y ap refè.”
19 Alò, lè SENYÈ a te fin pale avèk yo, Li te monte resevwa nan syèl la, e te chita sou men dwat Bondye. Luc 9:51 20 Konsa, yo te ale deyò e te preche toupatou, pandan Senyè a te avèk yo, e te konfìme pawòl pa sign ki te swiv yo. Amen.

16:1 Jn 20:1-8

16:3 Mat 27:60

16:5 Jn 20:11-12

16:6 Mat 28:6

16:7 Mat 26:32

16:9 Mat 27:56

16:10 Jn 20:18

16:11 Mat 28:17

16:12 Luc 24:13-35

16:13 Mat 28:17

16:14 Luc 24:36

16:15 Mat 28:19

16:16 Jn 3:18-36

16:17 Mc 9:38

16:18 Mc 5:23

16:19 Luc 9:51