3
Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Jn 7:50Nicodème, yon chèf a Jwif yo. Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: Mat 23:7“Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Jn 9:33Bondye avè L.”
Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun II Kor 5:7 ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. Jn 1:13Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ Sòm 135:7Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
Nicodème te reponn Li: “Kijan bagay sa yo kapab ye?”
10 Jésus te reponn: “Ou menm se Luc 2:46Mèt an Israël epi ou pa konprann bagay sa yo? 11  Anverite, anverite, Mwen di ou, Jn 1:18nou pale sa ke nou konnen, e fè temwayaj de sa ke nou konn wè, e ou pa aksepte temwayaj nou.
12  “Si Mwen di ou bagay konsènan latè a, epi ou pa konprann, kijan w ap kwè si Mwen di ou bagay konsènan syèl la.
13  Pwov 30:4“Nanpwen pèsòn ki monte nan syèl la sof ke Li menm ki te desann sòti nan syèl la, Fis a Lòm nan menm.
14  “Menm jan Nonb 2:19 Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan Jn 12:34 vin leve wo, 15  pou nenpòt moun ki kwè Jn 20:31nan Li, kapab genyen lavi etènèl.
16  “Paske Bondye te Wo 5:8tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17  Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou Luc 19:10jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18  “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a Jn 1:18sèl Fis inik a Bondye a.
19  “Sa se jijman an, ke Jn 1:4limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20  Jn 3:20-21“Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21  Men sila ki I Jn 1:6aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap Jn 4:1-2batize.
23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize. 24 Paske Mat 4:12Jean potko jete nan prizon.
25 Konsa, te leve yon diskisyon antre disip a Jean yo ak yon Jwif sou afè Jn 2:6pirifikasyon. 26 Yo te vin kote Jean pou di l, Mat 23:7“Rabbi, Li menm ki te avèk ou lòtbò Jourdain an, pou Li menm ke ou te bay temwayaj la. Gade, l ap batize, e tout moun ap vin kote Li.”
27 Jean te reponn e te di: I Kor 4:7“Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: Jn 1:20-23‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se Mat 9:15jennonm k ap marye. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
31  Mat 28:18Li ki sòti pa anwo a, se anwo tout bagay. Li menm ki soti sou latè, se pou latè, epi pale sou zafè latè. Li menm ki sòti nan syèl la, anwo tout bagay.
32 Sa ke Li te wè epi tande, se sou sa Li Jn 3:11bay temwayaj. Epi pa gen pèsòn ki resevwa temwayaj Li. 33 Sila ki resevwa temwayaj Li mete so li sou sa, ke Bondye vrè. 34 Paske Li menm ke Bondye voye a, pale pawòl a Bondye. Mat 12:18Paske Li bay Lespri a san mezi.
35  Mat 28:18Papa a renmen Fis la, epi te mete tout bagay nan men Li.
36 Sila ki Jn 3:16kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila li ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakolè Bondye va rete sou li.

3:1 Jn 7:50

3:2 Mat 23:7

3:2 Jn 9:33

3:3 II Kor 5:7

3:6 Jn 1:13

3:8 Sòm 135:7

3:10 Luc 2:46

3:11 Jn 1:18

3:13 Pwov 30:4

3:14 Nonb 2:19

3:14 Jn 12:34

3:15 Jn 20:31

3:16 Wo 5:8

3:17 Luc 19:10

3:18 Jn 1:18

3:19 Jn 1:4

3:20 Jn 3:20-21

3:21 I Jn 1:6

3:22 Jn 4:1-2

3:24 Mat 4:12

3:25 Jn 2:6

3:26 Mat 23:7

3:27 I Kor 4:7

3:28 Jn 1:20-23

3:29 Mat 9:15

3:31 Mat 28:18

3:32 Jn 3:11

3:34 Mat 12:18

3:35 Mat 28:18

3:36 Jn 3:16