9
Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa Egz 20:5paran li yo pou li ta fèt avèg?”
Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te Jn 11:4pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan Jn 7:33pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se Mat 5:14limyè lemonn.”
Lè L di sa, Li Mc 7:33krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. Li te di l: “Ale lave nan Né 3:15basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”).
Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn Trav 3:2-10chita mande a?”
Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”.
Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.
10 Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”
11 Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan Jn 9:7Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”
12 Yo te mande li: “Kote Li?”
Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.
13 Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo. 14  Jn 5:9Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.
15  Jn 9:10Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.
16 Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li Mat 12:2pa kenbe Saba a.”
Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
17 Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?”
Li te di: “Li se yon Det 18:15pwofèt.”
18  Jn 1:19Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li. 19 Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”
20 Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg. 21 Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.” 22 Paran li te pale konsa paske yo te Jn 7:13krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, Luc 6:22yo ta mete l deyò nan sinagòg la. 23 Pou rezon sa a, paran li yo te di: Jn 9:21“Li rive sou laj li. Mande li.”
24 Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: Jos 7:19“Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”
25 Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”
26 Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”
27 Li te reponn yo: Jn 9:15“Mwen te di nou sa deja, men Jn 8:43nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”
28 Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men Jn 5:45nou se disip a Moïse. 29 Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, Jn 8:14nou pa konnen kote Li sòti.”
30 Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen. 31 Nou konnen ke Job 27:8Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li. 32 Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg. 33  Jn 3:2Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”
34 Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, Jn 9:22-35yo te mete l deyò.
35 Jésus te tande ke yo te Jn 9:22-34mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
36 Li te reponn: Wo 10:14“Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”
37 Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men Jn 4:26se Li menm k ap pale avèk ou.”
38 Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te Mc 8:2adore Li.
39 Jésus te di: Jn 5:22-27“Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, Luc 4:18pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”
40 Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: Wo 2:19“Èske se nou menm ki avèg tou a?”
41 Jésus te reponn yo: Jn 15:22-24“Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”

9:2 Egz 20:5

9:3 Jn 11:4

9:4 Jn 7:33

9:5 Mat 5:14

9:6 Mc 7:33

9:7 Né 3:15

9:8 Trav 3:2-10

9:11 Jn 9:7

9:14 Jn 5:9

9:15 Jn 9:10

9:16 Mat 12:2

9:17 Det 18:15

9:18 Jn 1:19

9:22 Jn 7:13

9:22 Luc 6:22

9:23 Jn 9:21

9:24 Jos 7:19

9:27 Jn 9:15

9:27 Jn 8:43

9:28 Jn 5:45

9:29 Jn 8:14

9:31 Job 27:8

9:33 Jn 3:2

9:34 Jn 9:22-35

9:35 Jn 9:22-34

9:36 Wo 10:14

9:37 Jn 4:26

9:38 Mc 8:2

9:39 Jn 5:22-27

9:39 Luc 4:18

9:40 Wo 2:19

9:41 Jn 15:22-24