8
Nan jou sa yo, lè te gen ankò yon gwo foul ki pa t gen anyen pou yo manje, Mc 6:34-44Jésus te rele disip Li yo. Li te di yo: Mc 9:36“Mwen santi konpasyon pou foul la pwiske yo rete avèk Mwen koulye a pandan twa jou, e yo pa gen anyen pou yo manje. Si Mwen voye yo lakay yo grangou, y ap fennen nan wout la, e gen nan yo ki sòti yon bon distans.”
Disip Li yo te reponn Li: “Kote yon moun kapab jwenn ase pen isit la pou satisfè moun sa yo nan yon andwa izole konsa”?
Li te mande yo: “Konbyen moso pen nou genyen?” Yo te di Li: “Sèt”.
Konsa, Li te fè yo chita atè. Li te pran sèt pen yo, e te kase yo an mòso. Li te kòmanse bay yo a disip Li yo pou sèvi yo, e yo te bay yo a foul la. Anplis yo te genyen kèk ti pwason. Mat 14:19Lè L fin beni yo, Li te kòmande sa yo anplis pou separe bay.
Yo te manje e yo te satisfè. Yo te ranmase sèt gwo Mat 15:37panyen plen avèk moso kase ki te rete. Te gen anviwon kat mil ki te la. Konsa, Li te voye yo ale. 10 Nan menm moman sa a, Li te antre nan kannòt la avèk disip Li yo, pou te rive nan peyi yo rele Mat 15:39Dalmanutha a.
11  Mat 16:1-12; Mat 12:38Farizyen yo te parèt e yo te kòmanse diskite avè L. Yo te mande L yon sign ki sòti nan syèl la pou teste li.
12 Avèk yon gwo soupi ki sòti nan lespri Li, Li te di: “Poukisa jenerasyon sila a ap chèche yon sign? Anverite Mwen di nou: Mat 12:39Nanpwen sign k ap parèt a jenerasyon sila a.” 13 Lè L fin kite yo, Li te monte kannòt la pou te ale lòtbò.
14 Yo te bliye pran pen, e pa t gen plis ke yon moso nan kannòt la avèk yo.
15 Li te avèti yo pou di: Mat 16:6“Veye byen! Fè atansyon kont ledven Farizyen yo, ak ledven Hérode la!”
16 Konsa, yo te kòmanse diskite youn avèk lòt pwoblèm ke yo pa t gen pen an.
17 Jésus te konprann sa byen, e te di yo: “Poukisa nou ap pale afè pen an? Mc 6:52Èske nou poko wè ni konprann? Èske nou gen kè di? 18  Jr 5:21Malgre nou gen zye, èske nou pa wè? E malgre nou gen zòrèy, èske nou pa tande? E èske nou pa sonje 19  lè Mwen te kase Mc 6:41-44senk pen yo pou senk mil moun, konbyen Mat 14:20panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?”
Yo te di Li: “Douz”.
20  “Epi lè Mwen te kase Mc 8:6-9sèt pou kat mil moun yo, konbyen gwo panyen plen avèk moso kase nou te ranmase?”
Yo te di li: “Sèt”.
21 Li te mande yo: Mc 6:52“Èske nou poko menm konprann?”
22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te Mc 3:10touche l.
23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te Mc 7:33; Mc 5:23mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”
24 Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”
25 Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.
26 Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre Mc 8:23nan vil la.”
27 Jésus te sòti avèk disip Li yo pou lantre nan vilaj Césarée Mat 16:13-16Philippe. Sou wout la Li te diskite ak disip Li yo. Li te mande yo: “Kilès moun yo di ke Mwen ye?”
28 Yo te di Li: “Jean Baptiste, e kèk lòt Élie, men lòt, youn nan pwofèt yo”.
29 Li te kesyone yo plis; “Men kilès nou menm nou di ke Mwen ye?” Jn 6:68-69Pierre te reponn e te di Li: “Ou menm se Kris la.”
30 Konsa, Mat 8:4Li te avèti yo pou pa di pèsòn anyen sou Li menm.
31  Mat 16:21-28Li te kòmanse enstwi yo ke Fis a Lòm nan t ap oblije soufri anpil bagay, vin rechte pa ansyen yo avèk chèf prèt ak skrib yo, e touye. E apre twa jou, Li ta resisite ankò. 32 Li t ap pale bagay la Jn 10:24byen klè.
Konsa, Pierre te mennen L akote e te kòmanse repwoche L.
33 Men lè l te vire gade dèyè, Li te wè disip Li yo, e Li te repwoche Pierre, e te di l: “Mete ou dèyè M, Mat 4:10 Satan! Paske ou p ap mete panse ou sou enterè Bondye a, men enterè lòm.”
34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse pwòp tèt li, Mat 10:38pran kwa li, e swiv Mwen. 35  Paske Mat 10:39nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.
36  “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tou lemonn men l pèdi nanm li? 37  Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.
38  “Paske Mat 10:33nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

8:1 Mc 6:34-44

8:2 Mc 9:36

8:7 Mat 14:19

8:8 Mat 15:37

8:10 Mat 15:39

8:11 Mat 16:1-12; Mat 12:38

8:12 Mat 12:39

8:15 Mat 16:6

8:17 Mc 6:52

8:18 Jr 5:21

8:19 Mc 6:41-44

8:19 Mat 14:20

8:20 Mc 8:6-9

8:21 Mc 6:52

8:22 Mc 3:10

8:23 Mc 7:33; Mc 5:23

8:26 Mc 8:23

8:27 Mat 16:13-16

8:29 Jn 6:68-69

8:30 Mat 8:4

8:31 Mat 16:21-28

8:32 Jn 10:24

8:33 Mat 4:10

8:34 Mat 10:38

8:35 Mat 10:39

8:38 Mat 10:33