3
Mat 12:9-14Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a Mat 12:10pou yo ta kapab akize Li.
Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”
Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.
Lè L fin Luc 6:10gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.
Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Mat 22:16Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.
Mat 12:15,16Jésus te retire kò l bò kote lanmè a ansanm avèk disip Li yo. Yon gran foul ki sòti Galilée t ap swiv li, ansanm avèk moun peyi Judée yo, avèk Jérusalem, Idumée ak lòtbò Jourdain an ak landwa Tyr avèk Sidon. Yon gwo foul moun ki te tande tout sa Li t ap fè, te vin kote Li. Mc 4:1 Li te di disip Li yo ke yon kannòt ta dwe prepare pou Li, akoz gran foul la, pou yo pa peze L twòp. 10 Paske Li te Mat 4:23geri anpil moun, e kon rezilta, tout sa ki te aflije yo t ap peze L pou yo ta kapab Mat 9:21touche L.
11 E nenpòt lè ke move lespri yo te wè L, yo t ap tonbe devan Li, kriye fò e di: “Ou se Mat 4:3Fis Bondye a!”
12 Konsa, Li te reponn yo Mat 8:4avèk severite pou yo pa di ki moun li te ye.
13 Li te Mat 5:1monte sou mòn nan, pou L te rele sila ke Li menm te vle yo, e yo te vin kote Li. 14 Li te dezinye douz yo, pou yo ta kapab avè L, e pou Li ta kapab voye yo deyò pou preche, 15 e pou yo ta kab gen otorite pou chase move lespri yo: 16  Trav 1:13Simon, ki rele Pierre, 17 Jacques, fis Zébédée a, avèk Jean, frè a Jacques, (a li menm Li te bay non Boanergès ki vle di Fis a tonnè yo); 18 André, ak Philippe, ak Barthélemy, ak Matthieu, ak Thomas, ak Jacques, fis Alphée a, ak Thaddée, e Simon, Zelòt la; 19 ansanm avèk Judas Iscariot, sila ki te trayi Jésus a.
20 Apre, Li te Mc 2:1retounen lakay Li, e foul la te rasanble ankò jiskaske yo pa t kab menm manje yon repa.
21  Jn 10:20pwòp fanmi pa Li te tande sa, yo te ale deyò pou pran chaj Li, paske yo t ap di: “Li gen tan pèdi bon tèt Li”.
22 Konsa, skrib ki te sòti Jérusalem yo t ap di: “Se Mat 10:25Béelzébul menm ki pran L. Li Mat 9:34chase move lespri yo pa mèt move lespri yo”.
23  Mat 12:25-29Li te rele yo a Li menm, e te kòmanse pale ak yo an parabòl: “Kijan Satan kapab chase Satan mete l deyò? 24  Si yon wayòm divize kont tèt li, wayòm sa a p ap kapab kanpe. 25  Si yon kay divize kont tèt li, kay sa a p ap kab kanpe. 26  Si Mat 4:10Satan fin leve kont tèt li, epi li divize, li p ap kab kanpe, men li fini!
27  És 49:24,25“Men pèsòn p ap kapab antre lakay a yon nonm fò, e piyaje byen li, sof ke premyèman li mare mesye fò a; e apre sa, l ap piyaje kay li.
28  Mat 12:31-32“Anverite, Mwen di nou tout peche fis a lòm yo ap padone, e menm nenpòt blasfèm yo fè; 29  men Luc 12:10nenpòt moun ki blasfeme kont Lespri Sen an p ap janm gen padon, men yo va rete koupab de yon peche etènèl.”
30 Paske yo t ap di ke “Li gen yon move lespri”.
31  Mat 12:46-50Alò, manman Li, avèk frè Li yo te rive kanpe deyò a, yo te voye kote Li e te rele Li.
32 Yon foul te chita toupatou antoure L, e yo te di Li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo ap chèche Ou deyò a”.
33 Li te reponn yo e te di: “Kilès ki manman M ak frè M?”
34 Li te gade toupatou sou sila ki te chita antoure Li yo e Li te di: Mat 12:49Gade, men manman M avèk frè M yo! 35  Paske sila ki Ef 6:6fè volonte a Papa M yo, se yo menm ki frè M, sè M, ak manman M”.

3:1 Mat 12:9-14

3:2 Mat 12:10

3:5 Luc 6:10

3:6 Mat 22:16

3:7 Mat 12:15,16

3:9 Mc 4:1

3:10 Mat 4:23

3:10 Mat 9:21

3:11 Mat 4:3

3:12 Mat 8:4

3:13 Mat 5:1

3:16 Trav 1:13

3:20 Mc 2:1

3:21 Jn 10:20

3:22 Mat 10:25

3:22 Mat 9:34

3:23 Mat 12:25-29

3:26 Mat 4:10

3:27 És 49:24,25

3:28 Mat 12:31-32

3:29 Luc 12:10

3:31 Mat 12:46-50

3:34 Mat 12:49

3:35 Ef 6:6