4
1 ✡ Mat 13:1-15Li te kòmanse enstwi yo ankò bò kote lanmè a, e yon gwo foul te ransanble kote Li jiskaske Li te vin antre nan yon kannòt sou lanmè a e Li te chita; e tout foul la te kanpe atè bò lanmè a.
2 Konsa, Li te enstwi yo anpil bagay an parabòl, e Li t ap di yo nan ansèyman li an; 3 “Koute! Yon moun ki t ap simen, te ale deyò pou simen grenn; ✡ Mat 13:3 4 Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la pou zwazo yo vin manje l nèt.
5 “E lòt grenn te tonbe nan wòch kote pa t gen anpil tè; epi byen vit, li te leve, paske tè a pa t gen pwofondè. 6 Konsa, lè solèy la fin leve, li te vin brile, e akoz li pa t gen rasin, li te vin fennen.
7 “Epi lòt grenn tonbe pami pikan yo. Pikan yo leve toufe li, e li pa t bay donn.
8 “Lòt grenn te tonbe nan bon tè e pandan yo t ap grandi, ogmante, yo vin bay yon rekòlt ki te pwodwi trant, swasant, e menm san fwa.”
10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men ✡ I Kor 5:12 sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12 Pou l rive ke ✡ És 6:9Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann; otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
13 ✡ Mat 13:18-23E Li te di yo: “Èske nou pa konprann parabòl sila a? Alò kijan nou va konprann tout parabòl yo?
14 “Moun k ap simen an simen pawòl la. 15 Se sila ki akote wout yo, ke lè pawòl la fin simen, yo tande; men byen vit, ✡ Mat 4:10Satan vin pran pawòl ki te simen an, e rachte l soti nan yo.
16 “E nan yon jan ki sanble ak sa, sila yo se yo menm ki te simen kote ki plen wòch yo; ke lè yo fin tande pawòl la; byen vit, yo resevwa l avèk jwa; 17 epi yo pa gen rasin fon nan yo menm, men yo la pou yon ti tan; e lè afliksyon oswa pèsekisyon vini akoz pawòl la; lapoula yo vin chite.
18 “Epi lòt yo se sila sou yo ke grenn yo te simen pami pikan yo; se sila yo ki te tande pawòl yo, 19 men tout pwoblèm ✡ Pwov 23:4 mond sa a ak ✡ Pwov 23:4sediksyon richès yo, avèk lanvi pou lòt bagay toufe pawòl la, e li pa donnen fwi.
20 “E lòt yo se sila sou yo semans lan te simen nan bon tè a; yo te tande pawòl la, yo te aksepte li; yo te vin ✡ Jn 15:2bay fwi trant, swasant e menm san fwa.”
21 Konsa Li t ap di yo: ✡ Mat 5:15“Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye? 22 ✡ Mat 10:26Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè. 23 ✡ Mat 11:15Si yon moun gen zòrèy pou tande; kite l tande.”
24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. ✡ Mat 7:2Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou. 25 ✡ Mat 13:12Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis; e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè; 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto; paske lè rekòlt la rive.”
30 ✡ Mat 13:31-32Epi Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li? 31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè, 32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch; pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
33 Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann. 34 Li pa t pale avèk yo ✡ Mat 13:34san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
35 ✡ Mat 8:18-27Nan jou sa a, lè lannwit vin rive, Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò”. 36 Yo te kite foul la e te ✡ Mat 3:9pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la; epi te gen lòt kannòt ki te avèk Li.
37 Epi te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kase sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt; 38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen, epi yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”
39 Li te leve, e konsa, Li te ✡ Sòm 65:7reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.
41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”