65
Pou direktè koral la; yon Sòm David. Yon chan.
1 Va genyen silans devan Ou, avèk lwanj nan Sion,
O Bondye e a Ou menm, ve yo va acheve.
2 O Ou menm ki tande priyè yo, a Ou menm
✡ Sòm 86:9tout moun vini yo.
3 Inikite yo kanpe kont mwen; men pou
transgresyon nou yo, Ou padone yo.
4 A la ✡ Sòm 33:12 beni se sila ke Ou chwazi a e
mennen toupre, pou rete nan lakou Ou.
Nou va satisfè ak tout bagay ki bon lakay Ou,
Nan sen tanp Ou a.
5 Avèk ✡ Sòm 45:4 zèv mèvèy, Ou reponn nou
nan ladwati, O Bondye sali nou an;
Se Ou menm ki kenbe konfyans menm a
tout pwen latè a, jis rive nan lanmè pi lwen an;
6 Ki etabli mòn yo pa pwisans Li,
Ki ✡ Sòm 93:1 abiye ak fòs;
7 Ki kalme raj vag lanmè yo,
Avèk gwo boulvèsman a pèp yo.
8 Sila ki rete jis nan ✡ Sòm 2:8 dènye pwent latè yo
kanpe byen etone a sign Ou yo;
Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.
9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans;
Ou anrichi li anpil; flèv Bondye a
plen ak dlo;
Ou prepare sereyal yo, paske se konsa
ou prepare tè a.
10 Ou wouze tranch li yo an abondans,
Ou fè do li vin poze; Ou fè l vin
mou ✡ Det 32:2 ak lapli an abondans;
Ou beni kwasans plant li.
11 Ou te kouwone ane a avèk ✡ Sòm 104:28 bonte Ou,
chemen Ou yo degoute ak grès e
mòn yo, yo menm, avèk rejwisans.
12 ✡ Job 38:26-27 Patiraj nan dezè yo gen abondans,
Epi mòn yo mare senti yo ak jwa.
13 Chan yo ✡ Sòm 144:13 abiye menm ak bann mouton e
vale yo fin ranpli ak sereyal;
Yo rele fò ak lajwa; wi yo chante.