144
Yon Sòm David 
  1 Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,  
ki ✡II Sam 22:35enstwi men m pou fè lagè,  
ak dwèt mwen pou batay.   
 2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an,  
✡Sòm 59:9Fòterès mwen ak liberatè mwen an,  
Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,  
Ki soumèt pèp mwen an anba m.   
 3 O SENYÈ, ✡Sòm 8:4se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?  
Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?   
 4 ✡Sòm 39:11Lòm se tankou yon sèl souf.  
Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.   
 5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann.  
Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.   
 6 Fè parèt ✡Sòm 18:14eklè pou gaye yo.  
Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.   
 7 Lonje men Ou soti anwo.  
Fè m sekou!  
Delivre m sòti nan gwo dlo yo,  
nan men ✡Sòm 18:44 etranje yo ak   
 8 bouch kap pale manti yo e ✡Jen 14:22men  
dwat a sila ki se men dwat a manti yo.   
 9 Mwen va chante yon ✡Sòm 33:3chan tounèf a Ou menm, O Bondye;  
Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,   
 10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a,  
✡II Sam 18:7 chape de nepe lanmò a.   
 11 Fè m sekou e delivre m de men a ✡Sòm 18:44etranje yo,  
Bouch a sila ki pale desepsyon yo,  
e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.   
 12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,  
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta anbeli yon palè wayal.   
 13 Kite ✡Pwov 3:9-10depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.  
Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.   
 14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.  
Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e  
nanpwen moun k ap ✡És 24:11rele “anmwey” nan lari nou yo.   
 15 A la beni pèp ki ranje konsa beni!  
A la ✡Sòm 33:12beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.