143
Yon Sòm David
Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.
Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.
Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak Sòm 71:2ladwati Ou!
Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a,
Job 14:3paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.
Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen.
Li fin kraze lavi m jis rive atè.
Li Sòm 88:6te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.
Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m.
Kè m Lam 3:11nan gwo twoub anndan m.
Mwen sonje ansyen jou yo.
Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.
Mwen panse sou zèv men Ou yo.
Mwen lonje men m vè Ou menm.
Sòm 42:2nanm mwen fè gwo anvi pou Ou,
kon yon peyi deseche.
Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli;
Sòm 27:9Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.
Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,
paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.
Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,
paske se a Ou ke mwen Sòm 86:4 leve nanm mwen.
Sòm 31:15Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.
Mwen kache nan Ou.
10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou,
paske se Ou menm ki Bondye mwen.
Kite Né 9:20bon lespri Ou kondwi mwen
sou tèren ki a nivo.
11  Sòm 25:11Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen.
Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.
12 Epi nan lanmou dous Ou a, koupe retire nèt lènmi m yo.
Sòm 54:5Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo, paske mwen se sèvitè Ou.

143:1 Sòm 71:2

143:2 Job 14:3

143:3 Sòm 88:6

143:4 Lam 3:11

143:6 Sòm 42:2

143:7 Sòm 27:9

143:8 Sòm 86:4

143:9 Sòm 31:15

143:10 Né 9:20

143:11 Sòm 25:11

143:12 Sòm 54:5