142
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè
Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.
Ak vwa m, mwen Sòm 30:8fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
Mwen vide plent mwen yo devan L.
Mwen deklare Sòm 77:2pwoblèm mwen yo devan L.
Sòm 77:3lespri m te fin bat anndan m,
Ou te konnen chemen mwen.
Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.
Nanpwen moun ki pou fè m chape.
Nanpwen moun ki pou pran swen m.
Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
Mwen te di “Se Ou menm ki Sòm 91:2-9sekou mwen,
pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.
Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,
paske yo Sòm 18:17 twò fò pou mwen.
Sòm 143:11Mennen nanm mwen sòti nan prizon,
pou m kab bay remèsiman a non Ou.
Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,
paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”

142:1 Sòm 30:8

142:2 Sòm 77:2

142:3 Sòm 77:3

142:5 Sòm 91:2-9

142:6 Sòm 18:17

142:7 Sòm 143:11