141
Yon Sòm David 
  1 ✡Sòm 22:19O SENYÈ, mwen rele non Ou.  
Fè vit! Vin kote m!  
Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!   
 2 Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;  
lè m ✡I Tim 2:8leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.   
 3 Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.  
Veye dri sou ✡Mi 7:5pòt lèv mwen yo.   
 4 Pa mennen kè m vè okenn mal,  
pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki ✡És 32:6 fè inikite yo.  
Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.   
 5 Kite moun ✡Pwov 9:8ladwati yo frape mwen.  
Konsa, li dous.  
Kite li korije mwen.  
L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.  
Pa kite tèt mwen refize li,  
paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.   
 6 Jij pa yo ✡II Kwo 25:12 fin jete a tè bò kote wòch yo.  
Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.   
 7 Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,  
se konsa zo nou yo fin gaye nan ✡Nonb 16:32-33 bouch sejou mò a.   
 8 Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.  
Nan Ou, mwen kache.  
Pa kite nanm mwen san pwotèj.   
 9 Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,  
avèk ✡Sòm 140:5 pèlen a sila ki fè inikite yo.   
 10 Kite mechan yo ✡Sòm 7:15tonbe nan pwòp filè yo,  
pandan mwen pase akote.