2
Dabò, alò, mwen ankouraje pou Ef 6:18siplikasyon ak priyè, rekèt ak remèsiman fèt pou tout moun, Esd 6:10pou wa ak tout sila ki nan otorite yo, pou nou kapab mennen yon vi trankil e kalm nan tout sentete ak dignite.
Sa bon e akseptab nan zye Luc 1:47Bondye, Sovè nou an, I Tim 4:10ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a. Paske gen Wo 3:30yon Bondye, yon Gal 3:20medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan I Tim 6:15pwòp lè li a. Pou sa, mwen te chwazi kòm predikatè ak apot (m ap bannou verite, mwen p ap bannou manti), kòm yon mèt Ef 3:8pou enstwi pèp etranje yo nan lafwa ak verite a.
Konsa, mwen vle moun tout kote priye; Sòm 63:4vin leve men sen yo, san kòlè ak doute. Menm jan an, mwen vle I Pi 3:3fanm yo abiye yo menm avèk vètman ki kòrèk, senp e avèk desans, pa avèk cheve trese ak lò oswa pèl oswa rad ki koute chè, 10 men, de preferans, pa mwayen a bon zèv, jan sa kòrèk pou fanm ki nonmen non Bondye yo.
11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. I Kor 14:34 12  I Kor 14:34Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13  Jen 2:7,22Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men Jen 3:6,13fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon. 15 Men fanm yo va sove nan fè pitit si yo kontinye nan I Tim 1:14lafwa ak lanmou, sentete ak kontwòl tèt yo.

2:1 Ef 6:18

2:2 Esd 6:10

2:3 Luc 1:47

2:4 I Tim 4:10

2:5 Wo 3:30

2:5 Gal 3:20

2:6 I Tim 6:15

2:7 Ef 3:8

2:8 Sòm 63:4

2:9 I Pi 3:3

2:11 I Kor 14:34

2:12 I Kor 14:34

2:13 Jen 2:7,22

2:14 Jen 3:6,13

2:15 I Tim 1:14