I TIMOTHÉE
1
Paul, yon apot a Kris Jésus Tit 1:3selon kòmandman Bondye a, Sovè nou an, e a Kris Jésus ki se esperans nou. A Timothée, vrè pitit mwen nan lafwa mwen an: Wo 1:7lagras, mizerikòd, ak lapè ki soti nan Bondye Papa a, e Senyè nou an, Jésus Kri.
Jan mwen te ankouraje ou sou depa mwen pou Macédoine nan, rete an Éphèse pou nou kapab enstwi sèten moun pou yo pa Wo 16:17enstwi yon lòt doktrin nèf; ni pou yo pa prete atansyon a I Tim 4:7fo istwa ak jeneyaloji ki pa janm fini, e ki ankouraje espekilasyon olye pou yo fè avanse jerans Bondye pa lafwa a.
Men bi a enstriksyon nou an se lanmou ki II Tim 2:22soti nan yon kè san tach, bon konsyans ak yon lafwa ki sensè. Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan Tit 1:10diskou ki pa pote fwi, ki Jc 3:1ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.
Men nou konnen ke Wo 7:12,16Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki Tit 1:6,10rebèl yo, pou sila ki I Pi 4:18san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou I Kor 6:9moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te Gal 2:7konfye m nan.
12 Mwen remèsye Kris Jésus Senyè nou an, ki te Trav 9:22ranfòse mwen, paske Li te konsidere mwen fidèl e te mete m an sèvis: 13 malgre ke avan sa, mwen te yon blasfematè, yon Trav 8:3pèsekitè e yon agresè vyolan. Malgre sa, mwen te resevwa gras akoz mwen te aji avèk inyorans nan enkwayans. 14 Konsa, Wo 5:20lagras Senyè nou an te plis ke anpil, avèk lafwa ak lanmou ki twouve nan Kris Jésus a. 15  I Tim 3:1Li se yon vrè pawòl, ki merite aksepte pa tout moun, ke Kris Jésus te vini nan mond lan pou sove pechè yo, pami sila yo, mwen menm se premye a. 16 Malgre tout, se pou rezon sa a, ke mwen te twouve gras; pouke nan mwen, kòm chèf pami pechè yo, Jésus Kris ta kapab Ef 2:7montre pasyans pafè Li a, kòm yon egzanp pou sila ki ta kwè nan Li yo pou lavi etènèl.
17 Koulye a, pou Wa etènèl la, imòtèl la, envizib la, Jn 5:44sèl Bondye a; lonè ak laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
18 Lòd sa a mwen konfye a ou menm, Timothée, fis mwen an, ki an akò avèk I Tim 4:14pwofesi a konsènan ou menm ki te fèt deja, ke pa yo menm, ou te mennen II Kor 10:4bon konba a, 19 nan kenbe I Tim 1:5lafwa ak yon bon konsyans, ke kèk moun te rejte, e te fè nofraj nan sa ki gen rapò a lafwa yo. 20 Pami sila yo, se Hyménée ak II Tim 4:14Alexandre, ke mwen te I Kor 5:5livre a Satan pou yo kab aprann pou yo pa fè blasfèm.

1:1 Tit 1:3

1:2 Wo 1:7

1:3 Wo 16:17

1:4 I Tim 4:7

1:5 II Tim 2:22

1:6 Tit 1:10

1:7 Jc 3:1

1:8 Wo 7:12,16

1:9 Tit 1:6,10

1:9 I Pi 4:18

1:10 I Kor 6:9

1:11 Gal 2:7

1:12 Trav 9:22

1:13 Trav 8:3

1:14 Wo 5:20

1:15 I Tim 3:1

1:16 Ef 2:7

1:17 Jn 5:44

1:18 I Tim 4:14

1:18 II Kor 10:4

1:19 I Tim 1:5

1:20 II Tim 4:14

1:20 I Kor 5:5