7
Oubyen èske nou pa konnen, Wo 1:13frè m yo, (m ap pale avèk sila ki konnen Lalwa yo), ke Lalwa gen pouvwa sou yon moun pandan tout tan ke li vivan? Paske yon I Kwo 7:39fanm ki marye vin mare pa lalwa a mari li pandan mari li vivan, men si mari li mouri, fanm nan vin lib de lalwa ak sa ki konsène mari li a. Kidonk, si li vin jwenn yon lòt gason pandan mari li vivan an, yo va rele li yon adiltè, men si mari a mouri, li va lib de lwa a pou li pa yon adiltè, malgre li jwenn yon lòt gason. Donk Frè m yo, nou menm tou nan kò Kris la, nou te Wo 7:6oblije mouri Gal 2:19a Lalwa a pou nou te kapab vin jwenn yon lòt, a Sila ki te leve soti nan lanmò a pou nou menm ta kapab pote fwi pou Bondye. Paske pandan nou te nan lachè, Lalwa a te fè move pasyon yo Wo 7:7leve nan nou, ki t ap travay Wo 6:13,21,23nan manm kò nou yo, pou donnen fwi pou lanmò. Men koulye a nou gen tan fin lage de lwa sa a. Kòmsi Wo 6:2nou te mouri de sa ki te mare nou an e koulye a nou sèvi yon lòt jan avèk yon Lespri de nouvo, e pa nan lansyen sistèm a lèt lalwa a.
Donk kisa nou kapab di? Èske Lalwa se peche? Pa janm kite nou panse sa! Okontrè, mwen pa t ap konnen peche sof ke Lalwa te montre m li. Mwen pa t ap konnen anyen sou Egz 20:17“lanvi” si se pa Lalwa ki di m “Ou pa pou gen lanvi”. Men peche, ki te pran opòtinite atravè Wo 3:20Lalwa a, te prodwi nan mwen lanvi de tout kalite; paske san Lalwa a, peche mouri. Yon fwa, mwen te vivan separe de Lalwa a, men lè kòmandman an te vini, peche te pran lavi, e mwen te mouri. 10 Konsa, kòmandman sa a ki te Lev 18:5fèt pou bay lavi a, te bay lanmò kòm rezilta pou mwen. 11 Paske peche, ki te pran opòtinite pa kòmandman an, Jen 3:13te twonpe mwen e akoz sa, te touye mwen. 12  Wo 7:16Alò, konsa Lalwa a sen, e kòmandman an sen, jis e bon.
13 Donk èske li posib ke sa ki te bon ta devni kòz lanmò mwen? Luc 20:16Ke nou pa janm panse sa! Olye de sa, se te peche ki te fè sa a, pou li ta fè m wè sa ke peche ye. Konsa li te fè m mouri ak sa ki bon an, pouke selon kòmandman an, li ta montre m kijan peche kondane nan nivo ki piwo a. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a I Kwo 3:1baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike Wo 7:19sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Wo 7:12Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a Wo 7:20se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan Jn 3:6chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19  Wo 7:15Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a. 20 Men si mwen ap fè menm bagay ke m pi pa vle a, Wo 7:17mwen pa moun k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 21 Donk, mwen twouve kòm Wo 7:23,25prensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji II Kwo 4:16andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon Wo 6:19lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan Wo 6:6kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

7:1 Wo 1:13

7:2 I Kwo 7:39

7:4 Wo 7:6

7:4 Gal 2:19

7:5 Wo 7:7

7:5 Wo 6:13,21,23

7:6 Wo 6:2

7:7 Egz 20:17

7:8 Wo 3:20

7:10 Lev 18:5

7:11 Jen 3:13

7:12 Wo 7:16

7:13 Luc 20:16

7:14 I Kwo 3:1

7:15 Wo 7:19

7:16 Wo 7:12

7:17 Wo 7:20

7:18 Jn 3:6

7:19 Wo 7:15

7:20 Wo 7:17

7:21 Wo 7:23,25

7:22 II Kwo 4:16

7:23 Wo 6:19

7:24 Wo 6:6