20
Mat 21:23-27Nan youn nan jou ke Li t ap enstwi pèp la nan tanp lan, e preche bòn nouvèl la, chèf prèt yo avèk skrib yo avèk ansyen yo te vin parèt devan Li. Yo te mande Li: “Fè nou konnen pa ki otorite Ou fè bagay sa yo, oswa se kilès ki te bay Ou otorite sa a?”
Jésus te reponn yo: “Mwen ap poze nou yon kesyon, epi fè M konnen: Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oswa nan lòm?”
Yo te rezone pami yo, e te di: “Si nou di ‘Nan syèl la’, l ap di: “Ebyen, poukisa nou pa t kwè li? Men si nou di: ‘Nan lòm’, tout pèp la va lapide nou avèk wòch jiskaske nou mouri, paske yo konvenk ke Jean te yon Mat 11:9pwofèt.” Konsa, yo te reponn ke yo pa t konnen kote sa sòti.
Jésus te reponn yo: “Ni Mwen p ap di nou pa ki otorite ke M fè bagay sa yo.”
Mat 21:33-46 Li te kòmanse di pèp la parabòl sila a: Yon mesye te plante yon chan rezen. Li te lwe li a kiltivatè yo, e li te ale nan yon vwayaj ki te dire anpil. 10  Nan tan rekòlt la, li te voye yon esklav kote kiltivatè yo pou yo ta kapab bay li kèk nan rekòlt chan an. Men ouvriye ki okipe lyàn rezen yo te bat li, e te voye li ale men vid. 11  Alò, li te eseye voye yon lòt esklav. Yo te bat li tou, e te maltrete l jiskaske se te yon eskandal. Konsa, yo te voye li ale men vid. 12  Konsa, li te eseye voye yon twazyèm. Sila a osi yo te blese e te mete l deyò. 13  Mèt chan an te di: “Kisa pou m ta fè la a? M ap voye fis byeneme mwen an. Petèt yo va Luc 18:2respekte li.
14  Men lè ouvriye ki te okipe lyàn rezen yo te wè li, yo te rezone youn avèk lòt konsa: ‘Sa se eritye a. Annou touye li pou eritaj la kapab pou nou.’ 15  Donk yo te jete li deyò chan rezen an, e te touye li. Pou sa, kisa mèt chan rezen an ap fè yo? 16  Li va vin Mat 21:41detwi ouvriye chan sa yo, e li va bay chan rezen an a lòt.”
Lè yo te tande li, yo te di: “Pa janm kite sa fèt!”
17 Alò, Li te gade yo, e te di: “Ebyen sou kilès sa ekri: Sòm 118:22
‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a;
sila a te devni Ef 2:20lang prensipal la.’?
18  Mat 21:44Tout moun ki tonbe sou wòch sa a,
va kraze an mòso; men sou nenpòt
moun ke li menm tonbe,
l ap gaye li tankou pousyè.”
19 Skrib yo avèk chèf prèt yo Luc 19:47te eseye mete men sou Li, nan menm lè sa a, men yo te pè pèp la. Paske yo te byen konprann ke Li te pale parabòl sa a kont yo menm. 20  Mc 3:2Donk yo te veye li, e te voye espyon ki te pretann ke se te moun jis yo te ye, pou yo ta kapab kenbe Li nan yon pawòl, pou yo ta kab livre Li devan lalwa a ak otorite gouvènè a. 21 Yo te poze Li kesyon. Yo te mande l: “Mèt, nou konnen ke Ou pale e enstwi byen dwat, ke Ou pa nan patipri a pèsòn, men enstwi chemen Bondye a ak verite. 22 Èske Li pèmi pou nou Mat 17:5peye taks a César, oubyen non?”
23 Men Li te konprann koken yo. Li te reponn yo: 24  “Montre M yon kòb denye. Se pòtre avèk enskripsyon a kilès moun li genyen?” Yo te di: “César”.
25 Li te di yo: “Pou sa, Mat 22:21bay a César sa ki pou César, e a Bondye, sa ki pou Bondye.”
26 Yo pa t kapab Luc 11:54kenbe L nan yon pawòl nan prezans a pèp la; e byen etone pa repons Li, yo te vin rete an silans. 27 Alò kèk nan Mat 22:23-33Sadiseyen yo te vin kote L, (sa yo ki di ke pa gen rezirèksyon). 28 Yo te kesyone L, konsa: “Mèt, Moïse te ekri pou nou ke Det 25:5si frè a yon mesye mouri avèk yon madanm, san li pa fè pitit, frè li a ta dwe pran madanm li, e fè reyisi yon posterite pou frè li a. 29 Alò, konsa, te gen sèt frè. Premye a te pran yon madanm, e li te mouri san pitit. 30 Konsa, dezyèm nan, 31 epi twazyèm nan te pran l. Epi menm jan an, tout nan sèt yo te pran l, e tout te mouri san kite pitit. 32 Finalman, fanm nan te mouri tou. 33 Konsa, nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske toule sèt moun yo te genyen li kòm madanm.”
34 Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. 35  Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon Mat 12:32a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj. 36  Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se Wo 8:16fis a Bondye, fis a rezirèksyon an. 37  Men ke Mc 12:26mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki 38  viv de Li yo.”
39 Kèk nan skrib yo te reponn e te di: “Mèt, Ou pale byen.” 40 Paske Mat 22:46; Mat 22:32yo pa t gen kouraj pou poze L kesyon sou anyen ankò.
41  Mat 22:41-46Alò Li te di yo, “Kijan sa fèt ke yo di ke Kris la se Fis a David? 42  Paske David, li menm di nan liv Sòm Yo: Sòm 110:1
‘Senyè a te di a Senyè mwen an, chita bò dwat Mwen,
43  Sòm 110:1Jiskaske M fè lènmi ou yo yon ti ban pou lonje pye ou.”
44  Konsa, David rele Li Senyè, e kijan se fis Li ke li ye a?’ ”
45  Mat 23:1-7Pandan tout pèp la t ap koute, Li te di a disip yo: 46  “Fè atansyon de skrib yo Luc 11:43ki renmen mache toupatou ak gwo abiman long, e ki renmen salitasyon respè nan mache yo, ak chèz pi enpòtan nan sinagòg yo, ak plas a lonè nan bankè yo; 47  ki devore kay a vèv yo, e pou yo ka pran pòz, yo ofri gwo priyè long yo. Sila yo va resevwa pi gwo kondanasyon.”

20:1 Mat 21:23-27

20:6 Mat 11:9

20:9 Mat 21:33-46

20:13 Luc 18:2

20:16 Mat 21:41

20:17 Sòm 118:22

20:17 Ef 2:20

20:18 Mat 21:44

20:19 Luc 19:47

20:20 Mc 3:2

20:22 Mat 17:5

20:25 Mat 22:21

20:26 Luc 11:54

20:27 Mat 22:23-33

20:28 Det 25:5

20:35 Mat 12:32

20:36 Wo 8:16

20:37 Mc 12:26

20:40 Mat 22:46; Mat 22:32

20:41 Mat 22:41-46

20:42 Sòm 110:1

20:43 Sòm 110:1

20:45 Mat 23:1-7

20:46 Luc 11:43