110
Yon Sòm David
1 ✡ Mat 22:44SENYÈ a di a Senyè mwen an: “Chita bò kote
men dwat Mwen
Jiskaske Mwen fè ènmi Ou yo vin yon machpye pou Ou.”
2 SENYÈ a va lonje ✡ Sòm 45:6baton wayal Ou a
soti nan Sion e di:
“Se pou ou renye nan mitan ènmi Ou yo”.
3 Pèp Ou a va sèvi ak bòn volonte
nan jou pouvwa Ou yo.
Yo deplwaye an sentete, soti nan zantray maten,
Jèn Ou yo ap pou Ou kon ✡ II Sam 17:12lawouze.
4 SENYÈ a te sèmante e Li ✡ Nonb 23:19p ap chanje lide:
“Ou se yon prèt jis pou tout tan selon lòd
Melchisédek.”
5 SENYÈ a sou men dwat ou;
Li va ✡ Sòm 68:14kraze wa yo nan jou kòlè Li a.
6 Li va ✡ És 2:4jije pami nasyon yo, Li va ranpli yo
ak kadav,
Li va brize tèt a chèf yo nan yon peyi
ki vast.
7 Li va ✡ Jij 7:5-6bwè nan flèv akote chemen an;
konsa, Li va leve tèt Li wo.