111
 1 Louwe SENYÈ a!  
Mwen va bay lwanj a SENYÈ a ak tout kè m,  
✡Sòm 89:7Ansanm ak moun ladwati yo ak nan asanble a.   
 2 ✡Sòm 92:5Gran se zèv a SENYÈ yo!  
Yo etidye pa tout moun ki pran plezi nan yo.   
 3 Ranpli ak bèlte avèk majeste se zèv Li yo.  
Ladwati Li dire jis pou tout tan.   
 4 Li te fè mèvèy Li yo pou nou sonje nèt.  
SENYÈ a ✡Sòm 86:5-17ranpli ak gras avèk mizerikòd.   
 5 Li te ✡Mat 6:31-33bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.  
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.   
 6 Li te fè pèp Li wè pouvwa a zèv Li yo,  
lè L te bay yo nasyon yo kòn eritaj.   
 7 Zèv men Li yo se ✡Rev 13:3verite avèk jistis.  
Tout prensip Li yo vrè.   
 8 Yo va ✡Sòm 119:160andire jis pou tout tan.  
Yo fèt nan verite avèk ladwati.   
 9 Li te voye ✡Luc 1:69delivrans a pèp Li a.  
Li te òdone akò Li a jis pou tout tan.  
Sen e mèvèye, se non Li.   
 10 ✡Job 28:28Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.  
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.  
Lwanj Li dire jis pou tout tan!