86
Yon priyè a David 
  1 Prete m zòrèy Ou, O SENYÈ e reponn mwen.  
Paske mwen ✡Sòm 40:17 aflije e malere.   
 2 ✡Sòm 25:20 Konsève nanm mwen, paske mwen se yon nonm fidèl.  
Ou menm, Bondye mwen an,  
sove sèvitè Ou ki mete konfyans nan Ou a.   
 3 Montre m gras Ou, O SENYÈ, paske  
se ✡Sòm 25:5 a Ou menm mwen kriye tout lajounen.   
 4 Fè nanm a sèvitè Ou a kontan,  
paske a Ou menm, SENYÈ, mwen leve nanm mwen.   
 5 Paske Ou menm, Senyè a,  
Ou plen bonte e Ou ✡Sòm 130:4prèt pou padone,  
ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila  
ki rele sou non Ou yo.   
 6 ✡Sòm 55:1 Prete zòrèy Ou, O SENYÈ, a lapriyè mwen.  
Prete atansyon a vwa siplikasyon mwen yo.   
 7 Nan jou twoub mwen an, mwen va rele Ou,  
paske ✡Sòm 17:6 Ou va reponn mwen.   
 8 Nanpwen tankou Ou pami dye yo, O Senyè,  
ni nanpwen zèv ✡Det 3:24 tankou pa Ou yo.   
 9 ✡Sòm 22:27 Tout nasyon ke Ou te fè yo, va vini pou  
adore devan Ou, O Senyè,  
e yo va bay non Ou glwa.   
 10 Paske Ou gran e ✡Egz 15:11fè zèv ki mèvèye.  
Se Ou sèl ki Bondye.   
 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.  
Mwen va mache nan verite Ou.  
✡Jr 32:39Fè kè m dispoze pou krent non Ou.   
 12 Mwen va ✡Sòm 111:1 ba Ou remèsiman,  
O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.  
Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.   
 13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,  
e Ou te ✡Sòm 30:3 delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.   
 14 O Bondye, mesye awogan yo te ✡Sòm 54:3 leve kont mwen,  
yon bann mesye vyolan ap chache lavi mwen.  
Yo pa mete Ou devan yo.   
 15 Men Ou menm, O SENYÈ,  
Ou se yon Bondye ki ✡Sòm 86:5 plen ak gras avèk mizerikòd,  
lan nan kòlè e plen avèk lanmou dous ak verite.   
 16 Vire vè mwen e fè m gras.  
O ✡Sòm 68:35 dispoze fòs Ou a sèvitè Ou a,  
e fè sekou a fis a sèvant Ou a.   
 17 Montre m yon sign bonte Ou,  
pou sila ki rayi mwen yo kapab wè l e vin wont.  
Paske Ou menm, O SENYÈ, ✡Sòm 78:69 te fè m sekou, e te konsole mwen.