25
Yon sòm David
1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen ✡ II Sam 5:10leve nanm mwen.
2 O Bondye mwen; nan Ou, mwen mete
konfyans mwen,
Pa kite mwen vin wont;
Pa kite ✡ Sòm 13:4lènmi m yo fè fèt sou mwen.
3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;
Sila ki ✡ Hab 1:13fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.
4 ✡ Egz 33:13Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;
Enstwi m nan chemen Ou yo.
5 Mennen mwen nan verite Ou e
enstwi mwen,
Paske se Ou menm ki ✡ Sòm 79:9Bondye delivrans mwen;
Se Ou m ap tann tout lajounen.
6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak
lanmou dous Ou a,
Paske se yo ki la ✡ Sòm 103:17depi tan ale nèt.
7 Pa sonje ✡ Job 13:26peche jenès mwen yo,
ni transgresyon mwen yo;
Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,
Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.
8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;
Pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.
9 Li ✡ Sòm 23:3dirije enb yo nan jistis e
Li enstwi enb yo nan chemen Li.
10 Tout chemen Bondye se nan
lanmou dous avèk verite
pou ✡ Sòm 103:18sila ki kenbe akò Li yo ak
temwayaj Li yo.
11 Pou koz a non Ou, O SENYÈ,
✡ Egz 34:9Padone inikite mwen, paske li anpil.
12 Kilès nonm nan ki gen krent SENYÈ a?
Li va ✡ Sòm 25:8 enstwi li nan chemen li ta dwe chwazi a.
13 Nanm li va viv an abondans e
desandan li yo va resevwa eritaj peyi a.
14 ✡ Pwov 3:32Sekrè a SENYÈ a se pou sila ki
gen lakrent Li yo e Li va fè yo konnen
akò Li.
15 Zye m toujou vè SENYÈ a,
Paske Li va ✡ Sòm 124:7 retire pye mwen
nan pèlen an.
16 ✡ Sòm 69:16Vire vè mwen e fè m gras,
Paske mwen abandone e aflije.
17 Twoub a kè m yo vin plis;
Mennen m sòti nan gwo detrès sa a.
18 Gade sou afliksyon mwen avèk twoub mwen yo,
E ✡ Sòm 103:3padone tout peche mwen yo.
19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske
yo anpil,
Epi yo ✡ Sòm 9:13rayi mwen avèk yon rayisman
ki vyolan.
20 Gade nanm mwen e delivre mwen;
Pa kite m ✡ Sòm 25:2vin wont, paske mwen
pran refij nan Ou menm.
21 Kite ✡ Sòm 41:12entegrite avèk ladwati pwoteje mwen,
Paske se Ou m ap tann.
22 Delivre Israël, O Bondye, sou
tout twoub li yo.