24
Yon sòm David
Tè a se pou SENYÈ a, avèk I Kor 10:26tout sa ki ladann;
lemonn avèk tout sila ki rete ladann yo.
Li te Sòm 104:3-5fonde li sou lanmè yo,
e te etabli li sou rivyè yo.
 
Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan Sòm 65:4lye sen pa Li an?
Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa Éz 18:15leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak Sòm 36:10ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
Sa se jenerasyon a sila k ap Sòm 27:4-8chache Li yo,
ka p chache figi Ou—menm Jacob.
Tan
 
Leve wo lento ou yo, o pòtay yo!
Leve wo, o pòt ansyen yo!
Pou Wa Trav 7:2glwa la kapab antre!
Se kilès ki Wa a glwa a?
SENYÈ fò e pwisan an,
SENYÈ a Sòm 76:3-6pwisan nan batay la.
Leve wo lento ou yo, O Pòtay yo!
Leve wo, O pòt ansyen yo!
Pou Wa Sòm 26:8glwa la kapab antre!
10 Se kilès ki Wa glwa a?
SENYÈ dèzame II Sam 5:10 yo!
Se Li menm ki Wa glwa a.
Tan.

24:1 I Kor 10:26

24:2 Sòm 104:3-5

24:3 Sòm 65:4

24:4 Éz 18:15

24:5 Sòm 36:10

24:6 Sòm 27:4-8

24:7 Trav 7:2

24:8 Sòm 76:3-6

24:9 Sòm 26:8

24:10 II Sam 5:10