18
1 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 2 ✡ És 3:15“Kisa sa vle di lè ou sèvi pwovèb sa a konsènan peyi Israël e di:
‘Papa yo manje rezen si yo,
epi dan timoun yo va kanpe apik’?
3 “Jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “nou p ap itilize pwovèb sa a an Israël ankò. 4 Gade byen, tout nanm yo se pa M yo ye; nanm a papa a ansanm ak nanm a fis la se pa M. Nanm ki ✡ Éz 18:20peche a, va mouri.
5 “Men si yon nonm dwat
e li aji ak jistis ak ladwati,
6 Epi pa manje nan lotèl mòn yo,
ni ✡ Det 4:19leve zye li vè zidòl lakay Israël yo,
ni souye ak madanm vwazen li,
ni pwoche yon fanm pandan lè règ li—
7 Si yon nonm pa oprime okenn moun,
men remèt a sila ki te prete li sa li te pwomèt,
epi ✡ Lev 19:13pa fè vòl, men bay pen li a sila ki grangou
e kouvri moun toutouni ak rad,
8 Si li pa prete moun lajan ak ✡ Egz 22:15enterè, ni pran plis,
si li gade men l pou l pa fè inikite
e egzekite yon vrè jistis antre moun ak moun,
9 Si li mache nan ✡ Lev 18:5règleman Mwen yo
ak lòd Mwen yo pou l aji ak fidelite;
li dwat
e anverite, li va viv,” deklare Senyè BONDYE a.
10 “Alò, li kapab gen yon fis vyolan ki vèse san e ki fè nenpòt nan bagay sa yo a yon frè, 11 sepandan li menm li pa t fè okenn nan bagay sa yo,
men li konn manje kote lotèl mòn yo
e ✡ I Kor 6:9souye ak madanm a vwazen li,
12 Oprime malere ak endijan, ✡ És 59:6-7vòlè moun,
pa remèt sa li pwomèt, men leve zye li a zidòl
e komèt abominasyon,
13 Li prete lajan e li prete moun lajan sou enterè
e pran benefis;
èske l ap viv?
Li p ap viv!
Li te komèt tout abominasyon sila yo;
anverite, li va mouri.
San li va tonbe sou pwòp tèt li.
14 “Alò, gade byen, li gen yon fis ki te wè tout peche papa l te komèt, e ✡ II Kwo 29:6-10lè l wè sa, li pa fè menm jan.
15 “Li pa manje nan lotèl mòn yo
ni leve zye li a zidòl lakay Israël yo,
ni souye ak madanm vwazen li,
16 Ni oprime okenn moun,
ni refize remèt sa li te pwomèt pou l te fè,
ni pa vòlè, men li ✡ Job 31:16-20bay pen li a moun grangou yo
e kouvri sila ki toutouni yo ak rad,
17 Li retire men li sou malere a,
li pa egzije enterè, ni pwofi,
men li fè règleman Mwen yo
e mache nan lòd mwen yo.
✡ Wo 2:6Li p ap mouri pou inikite a papa li; men li va anverite viv. 18 Alò, pou papa li, akoz li te pratike opresyon, te vòlè frè li e te fè sa ki pa t bon pami pèp li a; gade byen, li va mouri pou inikite li a.
19 “Malgre sa, ou di: ‘Poukisa fis la pa pote pinisyon pou inikite a papa li? Lè fis la pratike ✡ Éz 18:9jistis ak ladwati, swiv tout lòd Mwen yo e fè yo; anverite, li va viv. 20 Moun ki fè peche a, va mouri. Fis la p ap pote pinisyon pou linikite a papa li, ni papa a p ap chaje ak pinisyon pou peche a fis la; ✡ I Wa 8:32ladwati a moun ki dwat va sou pwòp tèt pa li e mechanste a mechan an va sou pwòp tèt li.
21 “Men si moun ✡ Éz 18:27-28mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo e pratike lajistis ak ladwati; anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li; akoz ✡ Sòm 18:20-24ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo,” deklare Senyè BONDYE a: “Pa pito ke li ta ✡ Sòm 147:11vire kite chemen li an pou li viv?”
24 “Men lè yon nonm ladwati vire kite ladwati li a, komèt inikite e fè selon tout abominasyon ke yon nonm mechan konn fè, èske li va viv? ✡ Éz 18:22Tout zèv ladwati ke li te konn fè yo, p ap sonje akoz trèt ke li te fè ak peche ke li te komèt la; pou sa yo, li va mouri.
25 “Men nou di: ‘Wout Senyè pa dwat.’ Koute koulye a, O lakay Israël! Èske ✡ Jen 18:25wout Mwen an pa dwat? Èske se pa wout pa nou an ki pa dwat? 26 Lè yon moun ladwati vire kite ladwati li, komèt inikite e mouri akoz li, pou inikite ke li te komèt la, li va mouri. 27 Ankò, lè yon nonm mechan vire ✡ És 1:18kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove lavi li. 28 Akoz li te konsidere e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo; li va anverite viv, li p ap mouri. 29 Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?
30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. ✡ Éz 14:6“Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 31 ✡ És 1:16-17Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32 Paske Mwen pa pran ✡ Éz 18:23plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou ou viv.”