6
Èske gen nan nou ke lè l gen yon ka kont vwazen li, li tante ale devan lalwa, devan moun enjis yo Mat 18:17olye devan sen yo? Oubyen èske nou pa konnen ke Dan 7:18,22,27se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? Wo 6:16Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a? Donk, si konsa, nou sèvi ak tribinal pou regle pwoblèm nan lavi sa, èske nou chwazi kon jij sila ki pa kab reprezante anyen nan legliz yo? I Kor 4:14Mwen di nou sa pou wont nou. Si se konsa, ke pa gen yon moun saj pami nou ki kapab deside antre frè li yo? Men frè ale devan lalwa avèk frè, e tout sa devan II Kor 6:14enkwayan yo. Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Mat 5:39Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont I Tes 4:6frè nou yo.
Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap Trav 20:32eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap Trav 20:32eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te Wo 8:30jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
12  I Kor 10:23Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen. 13 Manje se pou vant e vant se pou manje; men Bondye va mete yon fen a toulède. Men kò a se pa pou imoralite, men I Kor 6:15,19pou Senyè a; e Senyè a se pou kò a. 14 Alò, Bondye non sèlman leve Senyè a, men Jn 6:39va osi leve nou selon pouvwa Li. 15 Èske nou pa konnen ke Wo 12:5kò nou se manb a Kris yo ye? Èske mwen dwe pran manb kò Kris yo e fè yo vin manb a yon pwostitiye? Ke sa pa janm fèt! 16 Oubyen èske nou pa konnen ke yon moun ki jwenn tèt li avèk yon pwostitiye vin yon sèl kò avèk li? Paske Li di: Jen 2:24“Yo de a va devni yon sèl chè”. 17 Men sila a ki vin jwenn tèt li avèk Senyè a vin Jn 17:21-23youn nan lespri avèk Li. 18  I Kor 6:9Kouri kite imoralite. Tout lòt peche ke yon moun fè se deyò kò a, men moun imoral la peche kont pwòp kò l. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke Jn 2:21kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

6:1 Mat 18:17

6:2 Dan 7:18,22,27

6:3 Wo 6:16

6:5 I Kor 4:14

6:6 II Kor 6:14

6:7 Mat 5:39

6:8 I Tes 4:6

6:9 Trav 20:32

6:10 Trav 20:32

6:11 Wo 8:30

6:12 I Kor 10:23

6:13 I Kor 6:15,19

6:14 Jn 6:39

6:15 Wo 12:5

6:16 Jen 2:24

6:17 Jn 17:21-23

6:18 I Kor 6:9

6:19 Jn 2:21