7
Alò, konsènan bagay ke nou te ekri yo, I Kor 7:8,26li bon pou yon nonm pa touche yon fanm. Men akoz imoralite ka fèt, chak nonm dwe gen pwòp madanm li e chak fanm dwe gen pwòp mari li. Mari a dwe akonpli devwa li anvè madanm li, e menm jan an tou, madanm lan anvè mari li. Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Mat 4:10Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
Men sa mwen vin di kòm yon konsesyon ak nou, men II Kwo 8:8pa kòm yon lòd. Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. I Kor 7:8Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan. Alò mwen di a sila ki poko marye yo, e ak vèv yo, ke I Kor 7:1,26li ta bon pou yo si yo rete menm jan ak mwen menm. Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo I Tim 5:14kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon. 10 Men a sila ki marye yo, mwen bay lòd sa yo. Se Mal 2:16pa mwen, men se Senyè a ki bay li, ke madanm nan pa dwe kite mari li 11 Men si li kite li, li dwe rete san marye, oswa rekonsilye avèk mari li. Ni mari a pa dwe divòse avèk madanm li.
12 Men a lòt yo I Kor 7:6se mwen menm ki di l, se pa Senyè a, ke si yon frè gen yon madanm ki se yon enkwayan, e li dakò viv avèk li, fòk li pa divòse avèk li. 13 Epi yon fanm ki gen yon mari ki pa kwayan, e li dakò viv avèk li, li pa dwe voye mari li ale. 14 Paske mari enkwayan an vin sanktifye akoz madanm li, e madanm enkwayan an vin sanktifye akoz mari li ki kwayan an, paske otreman pitit nou yo te enpi, men koulye a, yo Esd 9:2sen. 15 Men si sila ki enkwayan an ale, kite l ale. Frè a oswa sè a pa mare nan ka sila yo, men Bondye rele nou nan Wo 14:19lapè.
16 Paske kòman ou kab konnen o madanm, si ou va Wo 11:14sove mari ou? E kòman ou kab konnen, o mari, si ou va sove madanm ou.
17 Sèlman Wo 12:3jan Senyè a bay a chak moun nan, jan Bondye rele chak moun nan konsa, kite l mache. Epi I Kor 4:17se konsa ke m bay lòd nan tout legliz yo.
18 Èske yon moun ki te rele pa Bondye te deja sikonsi? Li pa dwe vin ensikonsi. Èske yon moun lè l rele pa Bondye tou ensikonsi? Trav 15:1Li pa dwe vin sikonsi. 19  Wo 2:27,29Sikonsizyon pa anyen, e ensikonsizyon pa anyen, men sa ki enpòtan an se kenbe kòmandman Bondye a. 20  I Kor 7:24Chak moun dwe rete nan menm kondisyon ke li te resevwa apèl la. 21 Èske nou te resevwa apèl la pandan nou te esklav? Pa enkyete nou pou sa, men si nou kapab osi vin lib, pito nou fè l. 22 Paske sila ki te rele pa Senyè a pandan li te esklav la, se Phm 16moun lib a Senyè a; menm jan an sila ki te rele pandan li te lib la, se I Pi 2:16esklav a Kris la.
23  I Kor 6:20Nou te achte a yon pri; pa devni esklav a lèzòm. 24 Frè m yo I Kor 7:20chak moun dwe rete avèk Bondye nan menm eta ke li te resevwa apèl la.
25 Alò konsènan vyèj yo, mwen pa gen okenn lòd Senyè a, men mwen bay yon refleksyon kòm yon moun ki II Kor 4:1pa mizerikòd Senyè a dign de konfyans. 26 Mwen kwè ke li bon nan sikonstans boulvès nan tan kounye a I Kor 7:1,8pou yon nonm ta rete jan li ye a. 27 Èske ou mare ak yon madanm? Pa chache vin lib. Èske ou lib de yon madanm? Pa chache yon madanm. 28 Men si nou marye, nou pa peche. E si yon vyèj marye, li pa peche. Men deja moun sa yo va gen pwoblèm nan vi sa a, e m ap eseye epagne nou. 29 Men mwen di sa, frè m yo, Wo 13:11tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen; 30 epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen; 31 epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t I Kor 9:18itilize li anpil. Paske I Jn 2:17fòm mond sa a ap disparèt.
32 Men mwen vle nou libere de sousi sa a. Yon nonm ki I Tim 5:5pa marye sousye sèlman de zafè a Senyè a, de jan li kapab fè l kontan, 33 men yon nonm ki marye sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè madanm li plezi. 34 Konsa, enterè li divize. Fanm ki pa marye a ak vyèj la, sousye de zafè a Senyè a, pou li kapab sen ni nan kò, ni nan lespri; men sila ki marye a sousye de zafè a mond lan, de jan li kapab fè mari li plezi. 35 Mwen di sa pou pwòp benefis pa nou; se pa pou jennen nou, men pou ankouraje sa ki bon, e pou vin gen yon angajman san distraksyon anvè Senyè a.
36 Men si yon moun panse ke l ap aji yon jan ki pa dign anvè pitit fi vyèj li, si li vin gen laj ase, e si sa dwe fèt, kite li fè sa li pito. Li pa peche. Kite li marye. 37 Men sila a ki kanpe fèm nan kè li, san ke li pa anba kontrent, men gen otorite sou pwòp volonte l, e ki deside sa nan pwòp kè l, pou konsève pwòp pitit fi vyèj pa li a, li va fè byen. 38 Konsa, sila ki bay pwòp pitit fi li a nan maryaj ap fè byen, e sila ki pa bay li nan maryaj la ap fè mye.
39  Wo 7:2Yon madanm mare selon lalwa a, ak mari li toutotan ke li vivan. Men si mari li mouri, li lib pou marye avèk sila ke li pito, men sèlman nan Senyè a. 40 Men I Kor 7:6,25nan refleksyon pa m, l ap pi kontan si li rete jan li ye a. E mwen panse osi ke m gen Lespri Bondye a avè m.

7:1 I Kor 7:8,26

7:5 Mat 4:10

7:6 II Kwo 8:8

7:7 I Kor 7:8

7:8 I Kor 7:1,26

7:9 I Tim 5:14

7:10 Mal 2:16

7:12 I Kor 7:6

7:14 Esd 9:2

7:15 Wo 14:19

7:16 Wo 11:14

7:17 Wo 12:3

7:17 I Kor 4:17

7:18 Trav 15:1

7:19 Wo 2:27,29

7:20 I Kor 7:24

7:22 Phm 16

7:22 I Pi 2:16

7:23 I Kor 6:20

7:24 I Kor 7:20

7:25 II Kor 4:1

7:26 I Kor 7:1,8

7:29 Wo 13:11

7:31 I Kor 9:18

7:31 I Jn 2:17

7:32 I Tim 5:5

7:39 Wo 7:2

7:40 I Kor 7:6,25