8
1 Alò, konsènan ✡ Trav 15:20bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou ✡ Wo 14:19bay bon konprann. 2 ✡ I Kor 3:18Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko ✡ I Kor 13:8konnen jan li dwe konnen an; 3 men si yon moun renmen Bondye, ✡ Sòm 1:6Bondye konnen li.
4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke ✡ Det 4:35,39pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi ✡ II Tes 2:4genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye ✡ Mal 2:10Papa a ✡ Wo 11:36de Li menm tout bagay sòti e nou egziste pa Li; e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.
7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a; men ✡ Wo 14:4,22kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl; e konsyans fèb pa yo a vin souye. 8 Men se pa✡ Wo 14:17manje k ap rekòmande nou a Bondye; nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men ✡ Wo 14:13,21fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje ✡ Trav 15:20bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb ✡ Wo 14:15,20vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 ✡ Mat 18:6Epi konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Konsa ✡ Wo 14:21si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.