SÒM YO
Liv I
1
Beni se nonm ki Pwov 4:14pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
men Sòm 119:14-35gran plezi li se Jos 1:8nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
Li va tankou yon Sòm 92:12-14pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
Mechan yo pa konsa.
Yo tankou Sòm 5:5pay ke van an pouse ale.
Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz Sòm 9:7,8,16jijman an,
ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
Paske SENYÈ a Na 1:7konnen chemen
a sila ki dwat yo,
men chemen a mechan yo va disparèt.

1:1 Pwov 4:14

1:2 Sòm 119:14-35

1:2 Jos 1:8

1:3 Sòm 92:12-14

1:4 Sòm 5:5

1:5 Sòm 9:7,8,16

1:6 Na 1:7