4
Tande, O fis yo, Sòm 34:11enstriksyon a yon papa,
e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,
Paske mwen bay ou bon konsèy;
Sòm 89:30 pa abandone enstriksyon mwen.
Lè m te yon jenn timoun ak papa m,
byen jenn e Za 12:10sèl fis devan zye a manman m,
Alò, li te Ef 6:4enstwi mwen e te di mwen:
“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;
kenbe lòd mwen yo pou ou viv.
Vin ranmase sajès!
Pwov 16:16Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
Pa abandone li e li va pwoteje ou;
II Tim 2:10renmen li e li va veye sou ou.
Men sa ki kòmansman sajès la:
Pwov 23:23Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
I Sam 2:30Mete valè li wo e li va fè ou leve;
li va bay ou onè si ou anbrase l.
Li va poze Pwov 1:9sou tèt ou yon kouwòn lagras;
li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”
 
10 Tande, fis mwen an, Pwov 2:1vin dakò ak pawòl mwen yo,
e lane lavi ou yo va vin byen long.
11 Mwen te I Sam 12:23dirije ou nan chemen sajès la;
mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.
12 Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;
epi si ou kouri, Sòm 91:11 ou p ap glise tonbe.
13  Pwov 3:18Pran enstriksyon; pa lage menm.
Pwoteje li paske li se lavi ou.
14  Sòm 1:1Pa antre nan chemen mechan yo,
e pa avanse nan vwa malfektè yo.
15 Evite li, pa pase kote li;
vire kite li e ale byen lwen.
16 Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;
epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo
si yo pa fè lòt glise tonbe.
17 Paske yo Pwov 13:2manje pen a malveyan yo
e bwè diven vyolans.
18 Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten
ki Dan 12:3 briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt.
19  Job 18:5-6Chemen mechan yo tankou tenèb;
yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.
 
20 Fis mwen an, Pwov 5:1prete atansyon a pawòl mwen yo;
panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.
21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
Pwov 7:1-2kenbe yo nan fon kè ou.
22 Paske yo se Pwov 3:22lavi a sila ki jwenn yo,
ak lasante a tout kò yo.
23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;
paske Mat 12:34de li, sous lavi yo koule.
24 Mete lwen de ou yon bouch manti
e Pwov 19:1 mete tout pawòl foub byen lwen ou.
25 Kite zye ou gade tou dwat devan
e kite vizyon ou konsantre devan nèt.
26  Pwov 5:21Veye wout pye ou konn pran
e tout chemen ou yo va byen etabli.
27  Det 5:32Pa vire ni adwat ni agoch;
fè pye ou vire kite mal.

4:1 Sòm 34:11

4:2 Sòm 89:30

4:3 Za 12:10

4:4 Ef 6:4

4:5 Pwov 16:16

4:6 II Tim 2:10

4:7 Pwov 23:23

4:8 I Sam 2:30

4:9 Pwov 1:9

4:10 Pwov 2:1

4:11 I Sam 12:23

4:12 Sòm 91:11

4:13 Pwov 3:18

4:14 Sòm 1:1

4:17 Pwov 13:2

4:18 Dan 12:3

4:19 Job 18:5-6

4:20 Pwov 5:1

4:21 Pwov 7:1-2

4:22 Pwov 3:22

4:23 Mat 12:34

4:24 Pwov 19:1

4:26 Pwov 5:21

4:27 Det 5:32