7
Fis mwen an, Pwov 2:1kenbe pawòl mwen yo
e kache kòmandman mwen yo anndan ou.
Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,
ak enstriksyon mwen yo
Det 32:10kon de grenn zye nan tèt ou.
Mare yo sou dwèt ou;
Pwov 3:3ekri yo sou tablo a kè ou.
Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”
e rele sajès pi bon zanmi ou,
Pou li kab anpeche ou ale
jwenn ak yon fanm adiltè;
yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.
Paske bo fenèt lakay mwen,
mwen te gade Pwov 6:32 nan fant fenèt mwen an.
Konsa, mwen te wè pami moun Pwov 1:22sòt yo,
e te rekonèt pami jenn yo,
yon jennonm ki te manke bon sans;
ki t ap pase nan lari a toupre
kwen kay fanm nan.
Konsa, li pran chemen pou rive Pwov 7:27lakay li,
nan solèy kouche a, nan aswè,
nan mitan lannwit ak nan fènwa.
10 Epi gade, yon fanm vin pwoche li
Jen 38:14-15abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.
11 Li parèt plen kouraj nan rebelyon li.
I Tim 5:13Pye li pa rete lakay li.
12 Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,
lap Pwov 23:28kache tan nan tout kwen.
13 Konsa, li sezi li, bo li;
e ak Pwov 21:29figi byen ranje, li di li:
14 “Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.
Se jodi a, mwen Lev 7:16 fin peye ve mwen yo.
15 Konsa, mwen te vin rankontre ou,
pou jwenn prezans ou;
e konsa, mwen te twouve ou.
16 Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;
avèk bèl És 19:9dra Égypte yo.
17 Mwen te flite kabann nan ak pafen
flè jasmen, lwil womaren ak Egz 30:23 kanèl.
18 Vini, annou bwè ladann
e fè lanmou jis rive nan maten.
Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.
19 Paske mari m pa lakay la;
li ale nan yon gran vwayaj.
20 Li te pran yon sak lajan avè l.
Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”
21 Ak anpil ankourajman, li atire li;
avèk Pwov 5:3lèv a flatè, li sedwi li.
22 Sibitman, li swiv li tankou
yon bèf k ap monte labatwa,
tankou moun sòt
kab mache rive nan ne koulan an.
23 Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;
tankou yon Ekl 9:12zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.
Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.
 
24 Alò, pou sa, fis yo, Pwov 5:7koute mwen
e okipe pawòl a bouch mwen yo.
25 Pa kite kè ou Pwov 5:8vire akote nan chemen li yo!
Pa vin antre egare nan wout li yo!
26 Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;
e Pwov 9:18anpil se sila ki te mouri akoz li.
27  Pwov 2:18Lakay li nan wout Sejou mò yo,
k ap desann nan chanm lanmò yo.

7:1 Pwov 2:1

7:2 Det 32:10

7:3 Pwov 3:3

7:6 Pwov 6:32

7:7 Pwov 1:22

7:8 Pwov 7:27

7:10 Jen 38:14-15

7:11 I Tim 5:13

7:12 Pwov 23:28

7:13 Pwov 21:29

7:14 Lev 7:16

7:16 És 19:9

7:17 Egz 30:23

7:21 Pwov 5:3

7:23 Ekl 9:12

7:24 Pwov 5:7

7:25 Pwov 5:8

7:26 Pwov 9:18

7:27 Pwov 2:18