21
Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li Esd 6:22vire l kote Li vle.
Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a Pwov 16:2peze kè yo.
SENYÈ a pito I Sam 15:22ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
Pwov 24:20lanp a mechan yo se peche.
Plan a Pwov 10:4dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo Am 5:7refize aji ak jistis.
Chemen a yon moun koupab Pwov 2:15kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10 Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11  Pwov 19:25mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12 Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
Pwov 14:11afè mechan an vin detwi nèt.
13 Sila ki Mat 18:30-34fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn Jc 2:13 repons.
14 Yon Pwov 18:16kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15 Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16 Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17 Sila ki Pwov 23:21renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18 Mechan an se yon És 43:3ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe janm.
19  Pwov 21:9Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan Job 20:15-18 vale tout.
21 Sila ki Pwov 15:9swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22 Yon II Sam 5:6-9nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23 Sila ki Pwov 12:13veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24 Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25 Se Pwov 13:4volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26 Gen moun tout lajounen kap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo Sòm 37:26 ap vèse bay san rete.
27 Sakrifis a mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28 Yon Pwov 19:5-9fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29 Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou Sòm 119:5moun ladwati a, chemen li an sèten.
30  Jr 9:23Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31 Cheval la prepare pou jou batay la;
men Sòm 3:8viktwa a se nan men SENYÈ a.
 

21:1 Esd 6:22

21:2 Pwov 16:2

21:3 I Sam 15:22

21:4 Pwov 24:20

21:5 Pwov 10:4

21:7 Am 5:7

21:8 Pwov 2:15

21:11 Pwov 19:25

21:12 Pwov 14:11

21:13 Mat 18:30-34

21:13 Jc 2:13

21:14 Pwov 18:16

21:17 Pwov 23:21

21:18 És 43:3

21:19 Pwov 21:9

21:20 Job 20:15-18

21:21 Pwov 15:9

21:22 II Sam 5:6-9

21:23 Pwov 12:13

21:25 Pwov 13:4

21:26 Sòm 37:26

21:28 Pwov 19:5-9

21:29 Sòm 119:5

21:30 Jr 9:23

21:31 Sòm 3:8