3
Yon Sòm a David lè l te sove ale devan Absalom, fis li a
1 O SENYÈ, gade kijan ✡ II Sam 15:12lènmi mwen yo ap miltipliye;
Anpil moun leve kont mwen.
2 Anpil moun pale de nanm mwen; “Nanpwen
✡ Sòm 22:7-8delivrans pou li nan Bondye.”
Tan
3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki
antoure mwen, glwa mwen e Sila ki ✡ Sòm 27:5fè tèt
mwen leve a.
4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen,
epi Li te ✡ Sòm 4:3reponn mwen soti nan mòn sen
Li an
Tan
5 Mwen ✡ Lev 26:6te kouche e dòmi; mwen te leve, paske
se SENYÈ a ki ban m fòs.
6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun ki
ta ✡ Sòm 118:10-13pran pozisyon kont mwen e antoure
mwen.
7 Leve, O SENYÈ: Sove mwen, O Bondye mwen;
Paske Ou te souflete tout lènmi mwen yo;
Ou te ✡ Sòm 57:4kraze dan a mechan yo
8 ✡ Sòm 28:8Delivrans se nan SENYÈ a; Ke benediksyon Ou
poze sou pèp Ou a.