28
Yon sòm David
1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen rele!
Wòch mwen an, pa vin soud devan m,
Paske si Ou ✡ Sòm 83:1rete silan devan mwen, mwen va
devni kon sila ki desann nan twou fòs la nèt.
2 Tande ✡ Sòm 140:6vwa a siplikasyon mwen yo lè m kriye
a Ou menm pou sekou,
Lè m leve men m vè sanktiyè sen Ou an.
3 ✡ Sòm 26:9Pa rale m sòti avèk mechan yo e
avèk sila ki fè inikite yo, ki pale lapè avèk
vwazen yo, pandan mechanste nan kè yo.
4 Rekonpanse yo ✡ Rev 18:6selon zèv yo ak selon
Mechanste yo abitye fè yo;
Rekonpanse yo selon zèv men yo;
Remèt yo tout rekonpans pa yo.
5 Akoz yo ✡ És 5:12pa okipe zèv a SENYÈ yo,
Ni travay men Li yo,
Pou sa, Li va chire yo desann e Li
p ap fè yo remonte.
6 Beni se SENYÈ a,
Akoz Li ✡ Sòm 28:2te tande vwa a siplikasyon mwen yo.
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen;
Kè m ✡ Sòm 13:5mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou;
Pou sa, kè m leve wo nèt e avèk chan mwen,
mwen di Li mèsi.
8 SENYÈ a se ✡ Sòm 20:6fòs yo e Li se yon defans
pou sove onksyone Li yo.
9 ✡ Sòm 80:1 Sove pèp Ou a e beni eritaj pa Ou a;
Devni bèje yo tou e bay yo
soutyen jis pou tout tan.