13
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Jiskilè SENYÈ? Èske Ou ap ✡ Job 13:24bliye mwen;
Jis pou tout tan?
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou
de mwen?
2 Pou konbyen de tan, mwen va oblije
✡ Sòm 42:4depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
3 Reflechi e reponn mwen, O SENYÈ,
Bondye mwen;
✡ Esd 9:8Fè zye m wè; sinon mwen va dòmi nan mò yo,
4 Epi lènmi mwen an va di: “Mwen fin genyen li,”
✡ Sòm 25:2Epi advèsè mwen yo va rejwi lè m pran chòk.
5 Men mwen te ✡ Sòm 52:8mete konfyans mwen
Nan lanmou dous Ou a;
6 Kè m va rejwi nan delivrans ou
Mwen va ✡ Sòm 96:1chante a SENYÈ a,
Paske Li te aji ak bon kè avè m.