96
Chante a SENYÈ a yon Sòm 40:3 chan tounèf!
Chante a SENYÈ a tout latè a.
Chante a SENYÈ a!
Beni non Li!
Sòm 71:15 Pwoklame bòn nouvèl Sali a Li de jou an jou.
Pale Sòm 145:12 glwa Li pami nasyon yo,
zèv mèvèy Li yo pami tout pèp yo.
Paske gran se SENYÈ a!
Li merite gran lwanj.
Fòk Li resevwa krentif nou Sòm 95:3pi wo ke tout dye yo.
Paske tout dye a pèp yo se zidòl,
men SENYÈ a te fè syèl yo.
Sòm 104:1 Tout bèlte ak majeste devan L.
Pwisans ak bèlte rete nan sanktiyè Li a.
Bay a SENYÈ a, O fanmi a pèp yo,
I Kwo 16:28-29 bay a SENYÈ a glwa ak pwisans.
Bay a SENYÈ a Sòm 79:9 glwa a non Li.
Pote yon ofrann e antre nan lakou Li yo.
Adore SENYÈ a nan abiman ki sen.
Sòm 33:8 Tranble devan L, tout latè a.
10 Pale pami nasyon yo, “SENYÈ a renye.”
Anverite, mond lan etabli byen solid.
Li p ap ebranle menm.
SENYÈ a va jije pèp yo avèk jistis.
11 Kite Sòm 69:34 syèl yo vin kontan e kite latè rejwi.
Kite lanmè a fè gwo bri ansanm ak tout sa ki ladann.
12 Kite chan yo leve fè kè kontan, ak tout sa ki ladann yo.
Epi tout És 44:23 bwa nan forè yo va chante ak jwa
13 devan SENYÈ a, paske La p vini.
Paske La p vini pou jije latè. Rev 19:11 Li va jije mond lan
avèk ladwati e pèp yo ak fidelite Li.

96:1 Sòm 40:3

96:2 Sòm 71:15

96:3 Sòm 145:12

96:4 Sòm 95:3

96:6 Sòm 104:1

96:7 I Kwo 16:28-29

96:8 Sòm 79:9

96:9 Sòm 33:8

96:11 Sòm 69:34

96:12 És 44:23

96:13 Rev 19:11