97
 1 SENYÈ a renye, kite latè rejwi!  
Kite tout ✡És 42:10-12 lil yo fè kè kontan!   
 2 Nwaj ak fènwa pwofon ap antoure Li.  
✡Sòm 89:14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Li an.   
 3 Se ✡Mal 4:1 dife ki ale devan L pou brile tout  
advèsè Li yo toupatou.   
 4 ✡Egz 19:16 Loray Li yo klere tout mond lan.  
Latè wè e li tranble.   
 5 Mòn yo ✡Sòm 46:6 fonn tankou lasi devan prezans SENYÈ a,  
devan prezans SENYÈ tout latè a.   
 6 ✡Sòm 19:1 Syèl yo deklare ladwati Li e tout pèp yo te wè glwa Li.   
 7 Kite tout sila ki sèvi limaj taye yo vin wont,  
ki vin ògeye sou zafè ✡Sòm 106:36zidòl yo.  
Adore Li, tout dye yo.   
 8 Sion te tande sa e ✡Sòm 48:11 te rejwi.  
Fi a Sion yo te rejwi akoz jijman Ou, O SENYÈ.   
 9 Paske Ou menm se SENYÈ Pi Wo a sou tout latè.  
Ou leve ✡Sòm 83:18 pi wo anpil pase tout dye yo.   
 10 ✡Sòm 34:14 Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!  
Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.  
Li delivre yo nan men a mechan yo.   
 11 Se limyè ki simen kon semans pou moun ladwati yo,  
ak ✡Sòm 64:10 kè kontan pou sila ak kè ki dwat yo.   
 12 Fè kè kontan nan SENYÈ a, nou menm ki moun dwat yo e  
bay remèsiman a non sen Li an.