42
“Gade byen, men Sèvitè Mwen an, ke M ap soutni an;
Luc 9:35sila ke M chwazi a, ki fè nanm Mwen plezi a.
Mwen te mete Lespri M sou Li.
Li va mennen fè lajistis vin parèt devan nasyon yo.
Li p ap kriye menm,
ni leve vwa l,
ni fè vwa l tande nan lari.
Yon wozo ki brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji ki brile fèb,
Li p ap etenn.
Ak fidelite, Li va mennen Sòm 72:2-4lajistis
e fè l vin parèt.
Li p ap És 40:28dekouraje oswa vin kraze
jiskaske Li etabli lajistis sou tout latè,
epi peyi kot yo va tann lalwa Li.”
 
Konsa pale Bondye SENYÈ a
ki te Sòm 102:25-26kreye syèl yo e ki tann yo,
ki te fè latè vin laj ak tout sa ki viv ladann,
ki bay souf a tout pèp ki vivan sou li,
e lespri lavi a tout moun ki mache ladann,
Mwen menm se SENYÈ a.
Mwen te És 41:2rele Ou nan ladwati.
Anplis, Mwen va kenbe Ou nan men.
Mwen va pran swen Ou.
Mwen va chwazi Ou kon yon akò pou pèp la,
kon yon limyè pou nasyon yo,
pou És 29:18ouvri zye avèg yo,
pou mennen prizonye yo sòti nan kacho a,
e fè sila ki viv nan tenèb yo sòti nan prizon an.
 
“Mwen se SENYÈ a.
Sa se non Mwen.
Mwen p ap bay Egz 20:3-5glwa Mwen a yon lòt,
ni lwanj Mwen a imaj taye.
Gade byen, És 48:3 ansyen bagay yo te fin akonpli;
koulye a, Mwen deklare bagay nèf yo.
Avan yo leve vin parèt, Mwen pwoklame yo a nou menm.”
 
10 Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
lwanj Li jis rive nan És 49:6 dènye pwent latè!
Nou menm ki desann nan lanmè a, ak tout sa ki ladann,
nou menm lil yo ak sila ki viv sou yo.
11 Kite És 32:16dezè a ak vil li yo leve vwa yo;
anplasman kote Kédar rete a.
Kite sila ki rete nan Sela la chante anlè;
kite yo chante ak kè kontan soti nan wotè mòn yo.
12 Kite yo És 24:15bay glwa a SENYÈ a
e deklare lwanj Li nan peyi kot yo.
13  Egz 15:3SENYÈ a va avanse tankou yon gèrye,
li va chofe zèl Li tankou yon nonm lagè.
Li va kriye fò, wi Li va leve yon kri lagè.
Li va enpoze Li sou lènmi Li yo.
 
14  Sòm 50:21Mwen te rete an silans depi lontan sa.
Mwen te rete kalm e te kontwole Mwen.
Koulye a, tankou yon fanm k ap fè pitit, Mwen va plenyen.
Mwen va rale gwo souf e respire fò.
15 Mwen va És 2:12-16ravaje tout mòn yo ak kolin yo,
e zèb ak raje yo va vin fennen nèt.
Mwen va fè rivyè lafen lil yo, e seche letan.
16 Mwen va És 29:18mennen avèg yo pa yon chemen yo pa konnen,
nan wout yo pa konnen, Mwen va gide yo.
Mwen va fè tenèb la vin limyè devan yo
e move kote yo va vin plat.
Se bagay sa yo Mwen va fè
e Mwen p ap kite yo pa fèt.
 
17 “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo
e ki di a imaj fonn yo:
‘Se nou menm ki dye pa nou’,
va voye tounen pa dèyè e va Sòm 97:7vin wont nèt.
 
18  És 29:18“Tande, nou menm ki soud!
Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
19 Se kilès ki avèg sof ke És 41:8sèvitè Mwen an,
oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a?
Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M,
oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
20  Wo 2:21Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo;
zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
21 SENYÈ a te kontan pou koz ladwati Li;
pou fè lalwa a És 42:4gran e plen respe.
22 Men pèp sa a se yon pèp depouye e piyaje.
Yo tout És 24:18kole nan kav yo oswa
kache nan prizon yo.
Yo devni viktim san okenn moun ki pou delivre yo;
yon piyaj san okenn moun ki pou di:
“Restore yo!”
 
23 Se kilès pami nou k ap prete zòrèy a sa a?
Kilès k ap okipe sa e kòmanse koute depi koulye a?
24 Se kilès ki te livre Jacob pou l depouye
e Israël a piyajè yo?
Èske se pa t SENYÈ a, kont sila nou te peche a?
Paske yo te refize mache nan chemen Li yo;
ni yo pa t swiv lalwa Li.
25 Pou sa, Li te vide sou li chalè kòlè Li
ak És 5:25fòs kouraj batay la.
Sa te fè l pran flanm toupatou,
men li pa t rekonèt sa a.
Li t ap brile l, men li pa t okipe sa.”

42:1 Luc 9:35

42:3 Sòm 72:2-4

42:4 És 40:28

42:5 Sòm 102:25-26

42:6 És 41:2

42:7 És 29:18

42:8 Egz 20:3-5

42:9 És 48:3

42:10 És 49:6

42:11 És 32:16

42:12 És 24:15

42:13 Egz 15:3

42:14 Sòm 50:21

42:15 És 2:12-16

42:16 És 29:18

42:17 Sòm 97:7

42:18 És 29:18

42:19 És 41:8

42:20 Wo 2:21

42:21 És 42:4

42:22 És 24:18

42:25 És 5:25