5
Kite mwen chante koulye a pou byeneme mwen an, selon chan rezen Li.
Byeneme m nan te gen yon Sòm 80:8chan rezen sou yon kolin byen fètil.
Li te fouye toupatou li,
retire wòch li yo,
e te plante li avèk pye rezen pi chwazi a.
Jr 2:21Li te bati yon fò nan mitan l,
e te fouye yon basen diven ladann.
Alò, li te sipoze pou l ta pwodwi bon rezen yo,
men li te pwodwi sèlman sa ki pa bon.
 
Konsa, O abitan Jérusalem yo ak mesye Juda yo,
Mat 21:40jije antre Mwen menm ak chan rezen Mwen an.
II Kwo 36:16Kisa anplis ki gen pou fèt pou chan rezen Mwen an ke M pa t fè deja?
Poukisa lè M te atann a bon rezen yo,
li te vin pwodwi sa ki pa bon yo?
Pou sa a, kite Mwen di nou koulye a sa M ap fè ak chan rezen sa a:
Mwen va retire kloti li e li va brile;
Mwen va kraze miray li e li va vin foule nèt.
Mwen va gaye gate l nèt.
Li p ap koupe ni sèkle ak wou,
men pikan ak zepin va vin leve nan li.
Anplis, Mwen va pase lòd sou nwaj yo
pou I Wa 8:35 lapli pa tonbe ladann.
Paske Sòm 80:8-11chan rezen SENYÈ dèzame yo se lakay Israël,
e pèp Juda a se plant ki ba Li plezi a.
Konsa, Li t ap chache jistis;
men olye sa Li te jwenn san vèse;
pou ladwati, men olye sa, moun k ap rele “Amwey”.
 
Malè a sila ki ogmante kay sou kay
ak chan a sou lòt chan,
jiskaske pa gen plas,
pou ou oblije rete sèl nan mitan peyi a!
Nan zòrèy mwen SENYÈ dèzame yo te sèmante:
“Anverite, anpil kay va vin Mat 23:38vid;
menm sa ki bèl yo, san moun pou rete ladann.
10 Paske kat ekta teren p ap donnen plis ke yon bat (22 lit) diven
e yon Éz 45:11omè (220 lit) p ap bay plis ke yon efa (22 lit) sereyal.”
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè Pwov 23:29-30 bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men Job 34:27yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz És 1:3mank konesans yo;
epi mesye ki gen onè yo
rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
14 Pou sa, Pwov 30:16Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
15 Pou sa, tout moun yo va imilye e limanite va abese;
anplis, És 2:11zye a ògeye a va vin febli nèt.
16 Men SENYÈ dèzame yo va leve wo nan jijman
e Bondye sen an va montre És 8:13 sentete Li nan ladwati.
17 Konsa, És 7:25jèn mouton yo va manje alèz konsi se nan chan patiraj
e etranje yo va manje pami ansyen mazi a moun rich yo.
 
18 Malè a sila ki rale És 59:4-8inikite ak kòd manti,
e ki fè peche tankou se kòd kabwèt;
19  Éz 12:22Ka p di: “Kite Li fè vit,
kite Li prese fè travay Li pou nou ka wè;
kite volonte a Sila Ki Sen an Israël la
vin rapwoche pou fè sa rive pou nou ka konnen!”
20 Malè a sila ki Pwov 17:15rele mal la bon,
ak bon nan mal;
sila ki prezante tenèb la tankou limyè a,
ak limyè a kon tenèb la;
sila ki prezante sa ki anmè a kon dous,
e sa ki dous kon anmè.
21 Malè a sila ki Pwov 3:7saj nan pwòp zye yo
e ki sipoze ke yo byen koken yo!
22  Pwov 23:30Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki Sòm 94:21 rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
 
24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo
e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,
konsa rasin yo va vin tankou pouriti,
e flè yo va vannen ale tankou pousyè;
paske yo fin És 8:6rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,
e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
25 Akoz sa, kòlè SENYÈ a te brile kont pèp Li a,
Li te lonje men l kont yo e te frape yo tonbe anba.
Mòn yo te tranble
e kadav yo te kouche tankou fatra nan mitan lari a.
És 9:12-21 Menm ak tout sa a, kòlè Li a poko fin pase, men men L toujou lonje.
 
26 Konsa, Li va leve yon És 13:2-3drapo a yon nasyon byen lwen
e Li va soufle pou li soti nan dènye pwent latè;
epi gade byen, li va vini byen vit ak gwo vitès.
27 Nan nasyon sila a, nanpwen moun ki ni fatige, ni tonbe;
nanpwen moun k ap kabicha oswa k ap dòmi;
ni Job 12:18 sentiwon nan senti li pa lage,
menm bretèl sandal li pa janm kase.
28  Sòm 7:12-13Flèch li yo file e tout banza li yo fin koube;
pye cheval li yo parèt kon pyè silèks,
e wou cha li yo tankou toubiyon.
29 Kri Jr 51:38gwonde li tankou yon lyon
e vwa li tankou jèn lyon;
li fè gwo bri pandan l ap sezi viktim li an
e pote l ale kote nanpwen moun pou delivre li.
30 Epi li va gwonde sou li nan jou sa a tankou gwo bri lanmè.
Si yon moun anwò dlo És 8:22ta gade vè latè;
men gade, tout fènwa ak gwo twoub.
Menm limyè fènwa akoz nwaj li yo.

5:1 Sòm 80:8

5:2 Jr 2:21

5:3 Mat 21:40

5:4 II Kwo 36:16

5:6 I Wa 8:35

5:7 Sòm 80:8-11

5:9 Mat 23:38

5:10 Éz 45:11

5:11 Pwov 23:29-30

5:12 Job 34:27

5:13 És 1:3

5:14 Pwov 30:16

5:15 És 2:11

5:16 És 8:13

5:17 És 7:25

5:18 És 59:4-8

5:19 Éz 12:22

5:20 Pwov 17:15

5:21 Pwov 3:7

5:22 Pwov 23:30

5:23 Sòm 94:21

5:24 És 8:6

5:25 És 9:12-21

5:26 És 13:2-3

5:27 Job 12:18

5:28 Sòm 7:12-13

5:29 Jr 51:38

5:30 És 8:22